Fwontyè Kanada-Etazini: Peyo Canada retounen plizyè imigran Ayisyen ki t ap tante antre Canada a travè fwontyè avek Etazini
Migran Ayisyen ki t ap chèche kite Etazini pou yo antre Kanada fè konnen otorite Kanadyen pa kite yo antre paske yo paske yo pa t satisfè kritè gouvènman Kanadyen an te etabli.
Nan Plattsburgh, yon ti vil ki sitiye nan Eta New York, twa migran Ayisyen dezespere ki t ap chèche kite Etazini akoz difikilte pou jwenn travay fè konnen otorite peyi Canada te fè yo retounen, dapre sa TVA Nouvelles rapòte.
Apre plizyè ane pase nan Etazini san posibilite pou jwenn travay, yo te eseye travèse fwontyè Kanadyen an ak lespwa pou jwenn pi bon opòtinite. Vwayaj yo, ki make pa ensekirite ak dezilizyon, mete aksan sou konpleksite reyalite migrasyon modèn yo.
Migran sa yo, ki tout gen estati refijye nan Etazini, te kouri kite Ayiti pou chape anba vyolans ak pèsekisyon politik. Youn nan yo, ki te chwazi rete anonim pou rezon sekirite, eksplike: “Mwen te rive Etazini nan lane 2021 epi mwen pa ka jwenn yon pèmi travay,” dapre sa TVA Nouvelles rapòte.
Avèk madanm li ak timoun li ki rete Ayiti, mesye sa a te espere Canada t ap yon altènativ.
Katia ak Claude, konpayèl vwayaj li yo, pataje istwa ki sanble. Claude, ki gen fanmi nan Kanada, eksplike TVA Nouvelles: “Nou kite peyi a pou nou chape anba vyolans. Laba a, reyalite a diferan. Li trè difisil.”
Pou rive nan fwontyè a, twa migran sa yo te oblije depanse anpil lajan pou yon taksi ki mennen yo nan pòs fwontyè a. “Sa koute chè,” youn nan yo plenyen, pandan l ajoute yo te deja pèdi lajan bay yon moun ki te fè kòm si li se yon “konsiltan imigrasyon.”
Yon fwa yo rive nan fwontyè a, espwa yo te disparèt rapidman.
Malgre ajan Kanadyen yo te byen trete yo ak ba yo manje, yo te refize yo antre Kanada apre yo te egzamine dosye yo. “Yo pa t ka kite nou antre,” Claude di avèk tristès.
Depi reeleksyon Donald Trump kòm prezidan Etazini, anpil imigran ki soti nan tout orijin te eksprime dezi pou yo chèche refij nan Kanada.
Antisipe yon ogmantasyon nan kantite migran yo, otorite Kanadyen yo ap adopte nouvo mezi. Yo ap travay ak òganizasyon pou evite dezòd nan fwontyè ant Etazini ak Kanada.
Pami òganizasyon ki travay ak otorite fwontal Kanadyen yo gen Vive Legal ak Bridges Not Borders, pami lòt yo. Yo kanpe deyò paske yo bay konsèy legal gratis ak sipò imanitè pou migran ki vle travèse fwontyè a oswa regilarize sitiyasyon yo.
Òganizasyon sa yo gen yon wòl esansyèl, pa sèlman pou enfòme migran yo sou dwa yo, men tou pou gide yo nan konpleksite pwosesis migrasyon yo. Misyon yo se diminye risk eksplwatasyon epi bay solisyon ki adapte ak bezwen endividyèl yo.
Imigran ki chwazi konplete pwosesis la avèk èd yon òganizasyon fè fas ak mwens difikilte, dapre sa obsèvasyon ekip redaksyon CTN ki an kontak ak plizyè òganizasyon pou pi byen enfòme lektè li yo.
Sitiyasyon imigran nan Etazini reflete defi anpil migran fè fas ak yo. Nan Etazini, pwogram tankou TPS (Estati Pwoteksyon Tanporè), Humanitarian Parole, ak CBPOne ofri yon soulajman tanporè pou plizyè milye imigran Ayisyen. Men, dispozisyon sa yo menase anba administrasyon Trump, sa ki pouse anpil refijye reflechi sou lòt opsyon, tankou Kanada.
Pou twa migran Ayisyen sa yo, echèk yo nan eseye travèse Kanada kite yo nan yon sitiyasyon gwo ensekirite. San yo pa konnen kote pou yo dòmi oswa sa pou yo fè, yo oblije reflechi sou pwochen etap yo.
Istwa yo mete limyè sou kesyon ki gen rapò ak migrasyon: moun ki oblije chape anba kondisyon ensipòtab nan peyi yo pou yo rankontre politik migrasyon ki de pli an pli restriktif nan peyi kote yo chache refij.
Pou plis detay, klike sou lyen sa a pou li tèks konplè TVA Nouvelles:
https://www.tvanouvelles.ca/2024/11/27/ils-nont-pas-pu-nous-laisser-rentrer–des-migrants-refoules-a-la-frontiere-en-tentant-de-rentrer-au-canada.