Enstalasyon yon koòdonatè nan tèt anèks LEH la nan Nip

CTN News
Categories: Politics

 Yon delegasyon Lotri Leta Ayisyen (LEH), enstale apremidi lendi 20 jen 2022 a, yon kowòdonatè nan tèt biwo depatmantal Nip la. Alvena Alonde te monte nan nouvo pozisyon sa a. Nan diskou li a, sekretè jeneral LEH a, Afice Fresnel, ki te fè enstalasyon an, te mande nouvo kowòdonatè biwo LEH nan Nip, pou l travay pou ogmante baz taks Leta pa miae nan plas apwopriye, avèk mezi ki nesesè yo. Alvena Alonde, remèsye jesyon jeneral LEH a pou konfyans yo mete nan li. Li pwomèt pou l fè maksimòm efò pou reprezante enstitisyon an valab nan depatman Nip. Li  reklame sipò nan kominote depatman Nip la ak  moun ki konn jwe nan jwèt chans lan. Pou make prezans li, LEH deside òganize yon tiraj nan okazyon fèt patwonal Miragoâne nan, Sen Jean Baptist. Premye gayan an pral resevwa yon motosiklèt. Yo pral distribye bonis konsolasyon tou bay patisipan yo. 

Dieuva Occidor

Share This Article