fbpx

Brezil/Eleksyon: Bolsonaro pwomèt pou l respekte konstitisyon an

CTN News

Sa te pran de jou pou Jair Bolsonaro deside sou dènye eleksyon prezidansyèl brezilyen an. Prezidan sòtann nan Brezil te pwomèt pou l respekte konstitisyon an konsènan transfè pouvwa a, pandan yon ti diskou pandan prezidan an li pa site non eli a Luís Inácio Lula Da Silva. Lidè ekstrèm dwat brezilyen an te pran tan pou l kondane dènye zak vyolans patizan l yo te fè nan plizyè eta ki t ap pwoteste kont rezilta eleksyon prezidansyèl la. Bolsonaro te deplore envazyon pwopriyete prive yo te rapòte nan kèk rejyon nan peyi a anvan yo te pran move opinyon sou moun ki rele l ‘yon anti-demokrasi. Bolsonaro ki te remèsye votè li yo te bay garanti ke li pral respekte konstitisyon an. Minis kay sivil la (casa civil) Ciro Nogueira te deklare l ke pwosesis tranzisyon gouvènman an te kòmanse. Brèf diskou Bolsonaro sa a te pwovoke gwo reyaksyon nan men ekspè politik nan Brezil ak lòt kote. Gen kèk obsèvatè ki regrèt prezidan an pa fè konnen si li aksepte defèt li. Ki ta ka kalme kòlè sipòtè li yo. Yo espere retounen nan lavi nòmal nan jou kap vini yo. Bolsonaro gen pou l remèt pouvwa a nan men siksesè li a, Lula, nan dat 1ye janvye 2023.

you're currently offline