fbpx

Ayiti-Politik: Joseph Lambert re-eli prezidan nan tyè Sena a

CTN News

“Tyè” Sena a gen yon nouvo biwo pandan li tkontnye kenbe Joseph kòm prezidan.

Jan règleman entèn enstitisyon an rekòmande sa, eleksyon te fèt 11 janvye pou renouvle manm biwo a.

Avèk 7 vòt pou, youn kont ak yon abstansyon, kamarad mesye Lambert yo re-eli l.

Eli nan Sidès la pa t kache lajwa li sou kont twitter li a ki endike  li nan pòs li jiska janvye 2023 pou siyifye viktwa li nan kad lit kif kif yo te angaje ak egzekitif la ak nan ‘lòt jwè alantou kesyon an nan. eske manda 10 senatè ki rete yo fini oswa pa fini le 10 janvye.
Remake byen ke Senatè Kédlair Augustin te eli Vis-Prezidan Sena a epi Ralph Fethière  retounen nan jesyon kès Sena a (Questure).