Enfòmasyon ki konfime pa direktè jeneral Biwo Asirans Travay, Maladi ak Matènite (OFATMA), Agabus Joseph.
Koup Bince te pase yon semèn nan men kidnapè yo ki te fè doub kidnapin sa a nan anba lavil Pòtoprens 31 desanm nan.
Yo te lage yo apre ranson an malgre pwotestasyon OFATMA ak jesyon lopital St-François de Sales te mande pou yo lage san kondisyon Doktè Josué Edwigh Bince ak madanm li, yon teknisyen laboratwa.