Ayiti-Jistis: Nouvo kòd penal la pap rive aplike, daprè ansyen Batonye Miragwan nan

CTN News
Categories: Politics

Pou ansyen Batonye lòd avoka  Miragwan nan, Mè Saurel Frantz, nouvo kòd penal la pap rive aplike 24 jen k ap vini la a. Li blame mank suivi mekanis yo sou bò kote otorite leta yo nan dispozisyon tranzisyon yo kòm jistifikasyon. Dapre pwofesè pwosedi kriminèl la, nouvo kòd sa a te etabli pwòp kondisyon aplikasyon li yo. Kesyone pa Zoom Haiti News, avoka a fè remake  dispozisyon yo pa te respekte. Pa egzanp, pa gen okenn fòmasyon pou aktè nan Kòd penal la jiska prezan. Li fè remake tou  nan entwodiksyon  kòd penal sa a, lejislatè yo mete yon restriksyon sou aplikasyon an atravè youn nan motif yo(Considérant en Droit). Dekrè nouvo kòd penal ayisyen an te pibliye sou administrasyon ansyen prezidan Jovenel Moïse 24 jen 2020. Li ta sipoze aplika 24 jen.

 Dieuva Occidor

Share This Article