fbpx

Ayiti-Ensekirite: Asasen Komisè Lapolis Croix-des-Bouquets Evangelot Bact

CTN News

 

Yon lòt viktim nan Polis Nasyonal Ayiti a. Komisè prensipal Polis Nasyonal Ayiti a, Evangelot Bact, te asasinen madi 18 oktòb 2022 sa a nan Kwadèboukè. Se gwoup gang ki te dirije pa Vitelhomme ki te komèt zak la. Popilasyon Croix-des-Bouquets ap viv yon kochma depi samdi pase. Gwoup mesye ame yo ap simen laterè nan vil la. Vilaj Noailles, ki renome pou pwodiksyon travay atistik nan koupe metal, te sibi atak gwoup mesye Vitelhomme yo jou ki te 15 oktòb pase a. Twa atelye te pran dife, pami yo atelye 3 fanm Balan yo ki se sèl fanm ki pratike atizay sa. Lagè ant bann 400 mawozo ak pa Vitelhomme nan vin  fè sitiyasyon an pi plis ensipòtab nan Kwadèboukè anba je dekouraje dirijan yo.

you're currently offline