fbpx

Yon nouvo direktè depatmantal nan tèt PNH nan Latibonit

Emmanuel Paul
Emmanuel Paul - Journalist/ Storyteller

Komisè divizyon Roger Goodson Jeune se nouvo direktè depatmantal PNH-Latibonit.

Se enspektè jeneral Moïse JEAN ki te pwosede, jedi 9 fevriye 2023 sa a, nan enstalasyon nouvo direktè depatmantal la.
Komisè Roger Goodson Jeune ranplase Jean Bruce MYRTIL ki te pase de mwa sèlman kòm chèf PNH nan Latibonit.

Jean Bruce MYRTIL pat janm mete pye ankò nan komisarya Gonayiv apre lanmò 6 polisye yo 25 janvye nan Liancourt. Lapolis ki te nan komisarya Gonayiv yo te akize l kòmkwa li pa t pran dispozisyon ki nesesè pou l ekipe ajan l yo pi byen.

Enstalasyon an dewoule an prezans plizyè otorite vil la, pami yo komisè gouvènman Me Serard Gasius, delege depatmantal Tchawell Césard ak kowòdonatè jeneral sendika nasyonal polisye ayisyen Lyonel Lazare.

Nouvo DDA a pran pòs nan moman polisye Latibonit yo, an patikilye sa yo ki nan komisarya Gonayiv la toujou fache apre asasina sis kòlèg yo pa gang Savien nan komin Liancourt 25 janvye. Yon mès senbolik te selebre nan memwa yo nan Katedral Souvni Gonayiv nan dat 8 fevriye. Lapolis te mande bon jan ekipman pou konbat gwoup gang ki rele “Baz gran grif” k ap simaye laterè nan depatman Latibonit.

Komisè Roger Goodson Jeune pwomèt pou l travay kole kole ak kòlèg polis li yo pou pouse revandikasyon yo nan pi wo nivo enstitisyon an yon fason pou garanti sekirite popilasyon an.
Lyonel Lazare, nimewo 1 nan SYNAPOHA te afime, 8 fevriye, materyèl ki disponib pou polisye Latibonit yo. Men, li pa t ‘kapab di ki lè egzakteman lapolis la pral nan posesyon ekipman sa a.

you're currently offline