Manifestan yo bloke depi maten lendi 12 septanm 2022 wout nasyonal #2 tou pre “Kafou Bouzi”, yon lokalite ki nan premye seksyon Chalon, komin Miragwann. Sa a pou kontinye mande Premye Minis Ariel Henry demisyone epi denonse ensekirite a, lavi chè, rate gaz ak devalorizasyon goud la. De nan manifestan yo kritike enkapasite chèf primati a pou rezoud divès pwoblèm popilasyon an ap rankontre. Yo pran Doktè Ariel Henry sou move pye, ki nan dènye diskou li bay nasyon an te endike pandan silans li an l ap travay pou amelyore sitiyasyon degrade popilasyon an. Fòk nou note malgre wout nasyonal #2 la bloke, plizyè enstitisyon lokal ki gen ladan bank komèsyal yo te opere nòmalman nan sant vil Fernand Hibbert.


