fbpx

Viza Ameriken Marjory Michel anile li te blije kite yon vòl Spirit, daprè Referans FM

CTN News

Marjory Michel, manm sektè demokratik ak popilè a, te blije kite yon vòl Spirit ki te prale Ozetazini vandredi 25 novanm nan. Radio Reference FM  te revele  enfòmasyon an. Madame Michel te pare pou li ale Ozetazini. “Manm ekipaj yo te bay lòd pou li desann avyon an epi kontakte konsila Ameriken an,” daprè Reference FM, ki site yon sous ki konnen dosye sa. Viza ansyen minis kondisyon fanm nan ta anile, dapre sa medya vil endepandans (Gonayiv) la rapòte. Marjoirie Michèle konfime pou Reference FM li oblije abandone vwayaj la nan dènye minit. Li fè konnen li te resevwa yon apèl ki raple li genyen yon reyinyon enpòtan menm jou a nan 2 zè aprè midi,dapre sa” RTR rapòte. Nan yon pòs sou paj Facebook li a, Marjorie Michel demanti revelasyon sa yo kareman, li di yo”fake” Administrasyon ameriken an deside sanksyone kèk pèsonalite ayisyen paske y ap finanse gang ame ak kèk lòt ki nan trafik dwòg ilegal. Yo te revoke viza kèk nan yo. Yo pral pran lòt sanksyon toujou, dapre yon deklarasyon Depatman Deta te pibliye, sa genyen kèk semèn. Sanksyon sa yo ta dwe afekte plis pase senkant moun. Men se sèlman non twazyèm prezidan Sena ayisyen an, Joseph Lambert, ansyen Senatè Youri Latortue, Fedenel Monchery, Joseph Richard Duplan, ak Jimmy Chérizier ki te pibliye sou sit wèb Depatman Trezò Ameriken an. Kanada te anonse tou li pran sanksyon kont plizyè pèsonalite tankou ansyen Prezidan Michel Joseph Martelly, ansyen Premye Minis Laurent Lamothe ak Jean Henry Céant, Senatè Rosny Célestin ak Hervé Fourcand epi ansyen Depite Garry Bodeau. Administrasyon Trudeau a blame ansyen ak aktyèl gran diyitè ayisyen sa yo paske y ap finanse zak vyolans ann Ayiti. Yo tout reklame inosans yo, yo di se yon tantativ gouvènman Kanadyen an ap fè pou asasinen “karaktè” yo.

you're currently offline