Pòdepè: Arestasyon ansyen komisè gouvènman Michelet Virgile

CTN News

Ansyen komisè gouvènman vil Pòdepè a, Me Michelet Virgile, te rive jwenn arestasyon li, madi 12 jiyè 2022 sa a, ajan biwo zafè finansye ak ekonomik (BAFE) kèk jou apre yo te revoke li pou move konduit nan administrasyon an. Vrèmanvre, li te bay lòd pou yo lage, 6 jiyè 2022 pase a, Jonas Georges ak Fritz Jean Relus, yo te arete pou trafik zam ak minisyon. Dosye konfiskasyon 120,000 katouch, twa zam  (de pistolè 9 mm ak yon revòlvè 38 kalib), 30 chajè ak 20 póch zam AK-47 ak fizi pandan yon operasyon ofisye ladwann yo te fè nan vil Pòdepè. Vil la fenk sot fè yon nouvo eksperyans ki fè anpil bri an patikilye arestasyon ansyen ansyen komisè Gouvènman Michelet Virgile ki te bay lòd pou yo lage de nan swadizan trafikan yo, ki se te Jonas Georges ak Fritz Jean Relus. Biwo Afè Finansye ak Ekonomik (BAFE), bra ame nan  Direksyon Santral Polis Jidisyè a, deside apwofondi ankèt li. Li te lanse yon avi rechèch kont direktè adjwen pou zafè jiridik nan Ministè Jistis ak Sekirite Piblik la, Frizt Aubourg, ki gen rapò ak dosye sa a. La polis ap chache plizyè lòt moun  aktivman ki gen koneksyon ak dosye sa a, nou site pami lòt Marie Guirlène Estimable, Wilfrid Estimable ak Eddy Lafrance. Me Michelet Virgile, ke yo te revoke san peye anvan yo te arete li, Me Bertin Vital te vin ranplase kèk èdtan apre nan tèt biwo komisè vil Pódepè a.

Pages