Pierre Richard Désinord alyas Jeneral, te blese grav pandan yon operasyon Lapolis Nasyonal peyi Dayiti te fè vandredi 3 jen 2022 ki sot pase a, nan ri Charlemagne Péralte, nan sant vil Podepè. Dapre yon nòt enstitisyon polis la, Pierre Richard Étienne, 35 lane, te nan tèt yon gwoup gang ki te gen plis pase yon douzèn bandi ame k ap opere nan lokalite “La Coupe” . Daprè Chèf Depatmantal Laprès ak Relasyon Piblik PNH la, Me Ruthlande ROZILMÉ pandan operasyon sa a nan kè vil Kapois Lamòrt, Lapolis te rankontre gwo kout zam nan men bandi sa yo, sepandan, kat bandi yo te entèsepte pami yo. “Jeneral” ki kounye a nan swen entansif nan lopital Immaculée nan Port-de-Paix, anba siveyans lapolis. Responsab lapolis lokal yo ap chèche kolaborasyon popilasyon an nan batay kont krim sou tout fòm nan vil Valparezo. Anmenmtan, Lapolis nan Nò a fè plizyè operasyon nan komin `´ St-Louis du Nord“ pandan semèn sa epi fasilite 7 arestasyon, yon zam , 5 machin ak 27 motosiklèt sezi. René Joseph, Sadieu Jean, Jefferson Joseph, Jackson Sanon, Valcin Ceradieu ak Nelfort Evenson, se pami moun yo te arete pandan operasyon sa yo pou plizyè enfraksyon.
Depatman Nòdwès la ap fè fas ak zak ensekirite depi kèk tan, sitou Chèf lye a Pòdepè. Nan kòmansman semèn sa a, yo te kidnape yon ti fi ki gen 14 an, apre plizyè jou yo te jwenn li. Sa a se Odena Dayens Flore Aminedada ki te fèmen nan yon kay nan Morne Congnac. Paran ti fi a, ki te pito kebe koze a sekrè, sèlman kontakte jij enterimè Tribinal Pòdepè, Paul Blanc, pou swivi ki nesesè yo.



