Yon ajan nan Inite pou Antretyen Lòd la (UDMO), nan yon bakòp ki soti nan Gonayiv te rive mouri. Anthony Dumas se yon 27yèm pwomosyon PNH la, ki fèk transfere nan Direksyon Depatmantal Latibonit (DDA). Li te touche ak yon pwojektil nan tèt li. Anbiskad sa a fèt sèlman kèk jou apre yo fin kidnape plizyè Mandan Sara abò yon pick-up nan zòn sa. Zak sa yo temwaye reaparisyon gang an fòs, ki espesyalize nan zak kidnapin ak vòl sou wout la ant Gwomòn ak Basen Ble. Sitiyasyon an konplike kounye a nan zòn sa a , pasaje yo rele li “VAR”. Transpò piblik paralize nèt akoz aktivite gang ame sa yo.


