fbpx

Masak nan Wharf Jérémie : 207 mò, daprè Nasyon Zini ki konte 17 000 mò ak blese ann Ayiti nan 2 zan

CTN News

207: se kantite egzak moun gang Micanor ak akolit li touye nan Wharf Jérémie,  nan yon zòn andedan Site Solèy ki chita kò li nan nò Pòtoprens.

Masak sila te fèt ant 6 ak 11 desanm 2024 yo konsa.

Pami viktim yo genyen 134 gason ak 73 fanm, sitou granmoun aje yo akize ki se pratikan vodou epi yo di ki ta lakòz pitit chèf gang ki bay tet li non wa Micanor a malad.

Biwo entegre Nasyonzini ann Ayiti (Binuh) ak Biwo gwo komisè  Nasyonzini pou dwa moun (OHCHR) te pibliye done sa yo nan yon rapò ki te soti 22 desanm 2024 la.

Nan rapò sou masak gang Micanor nan Wharf Jérémie an, BINUH fè konnen genyen nan viktim yo ki te mouri pandan yo te ap eseye kouri kite zòn nan oswa paske yo te sispèk se yo ki revele enfòmasyon sou krim sa yo bay medya lokal yo.

Dapre rapò  BINUH ak Biwo Nasyonzini an ak Gwo Komisarya Nasyonzini an, viktim yo te abite nan senk zòn diferan nan katye Wharf Jérémie an.

Yo te al chache yo andedan kay yo ak nan yon kote yo konn adore anvan yo te mennen yo nan baz gang nan, kote yo te kenbe yo nan yon “sant fòmasyon” epi yo te mennen yo kote pou yo fè ekzekisyon an.

Bandi yo  te rache viktim yo ak manchèt, epi yo te boule kò yo, yo te demantibile yo oswa yo jete yo nan lanmè pou yo te kapab eseye efase tout prèv dapre sa ki revele nan rapò a.

Zak sa yo demontre kijan gang nan te byen fè planifikasyon kalite move Zak sa  sila ki lakoz laterè blayi nan zòn nan, sa ki lage dezolasyon nan kò reprezantan espesyal Sekretè Jeneral Nasyonzini an ann Ayiti, daprè sal fè konnen nan rapò a.

Rapò a te note tou genyen plis pase 5 350 moun ki mouri anba bal bandi ame depi kòmansman ane sa a. Yon lòt bò 2155 blese akòz vyolans gang, gwoup vijilans ak lot gwoup.

Depi 2022, vyolans sa a te lakòz plis pase 17 000 moun mouri ak blese, dapre sa BINUH rapòte, yo remake ke gang Wharf Jérémie an aktif depi 2022, li ap chache kontwole wout ki mennen nan pò prensipal kapital la ak tèminal kontenè yo.

María Isabel Salvador envite gouvènman an pran tout mezi nesesè pou kalte krim  sa yo pa rete san pinisyon.

“Nou pa ka aji kòmsi anyen pa te rive. Mwen mande sistèm jistis ayisyen an pou li mennen yon ankèt apwofondi sou krim terib sa yo epi pou yo arete epi pini moun ki komèt yo a, ansanm ak moun ki sipòte yo. Mwen mande otorite yo tou pou mete yon sant jidisyè espesyalize pi vit posib pou fè fas ak kalite krim sa a.”

Depi lontan, Wharf Jérémie chape anba kontwòl lapolis ak otorite jidisyè yo, sa ki pèmèt gang yo aji nan tout enpinite.

BINUH raple 12 desanm ki sot pase a Premye Minis ayisyen an te bay lòd pou Minis Jistis la ak chèf polis jidisyè a mobilize tout resous ki nesesè pou arete responsab move zak sa yo. Men, gouvènman an pa fè ankenn aksyon konkrè vre pou kanpe vyolans ki ap ravaje peyi a.

Lidè gang sa a tou enpoze taks sou konpayi kap opere nan zòn nan, pandan li ap aji kòm yon entèmedyè pou aktè nasyonal ak entènasyonal ki ap chèche entèvni nan rejyon an, dapre sa Komisyonè Nasyonzini an revele nan rapò li sou sitiyasyon sekirite ann Ayiti.

Volker Türk, Gwo Komisyonè sou Dwa Moun nan mete aksan sou ijans pou ranfòse enstitisyon lapolis ak enstitisyon leta kote koripsyon ak enpinite paralize yo. Li mande tou pou aplikasyon mezi entènasyonal yo, tankou anbago sou zam epi sezi lajan labank ak byen yo pou yo pa gen dwa itlize yo, pou enfliyans gang yo kapab diminye.

Gwo Komisyonè a te mande tou yon repons rapid byen òganize nan men otorite ayisyen yo ak kominote entènasyonal la pou pwoteje popilasyon lokal yo ak retabli lalwa.

Dania Buon

Pages