Lapolis Nasyonal salye travay Ladwann Pòdepè

CTN News
Categories: Uncategorized

Responsab pou reprezante Direktè Jeneral Enterimè Polis Nasyonal Ayiti a, Mesye Frantz Elbé, Direktè Polis Nòdwès Mesye Jean Bruce Myrtile te pwosede madi 12 jiyè 2022 sa a nan prezantasyon an yon sètifika onè ak  merit bay Ladwàn Pòdepè  pou patisipasyon li nan batay kont krim transnasyonal òganize ansanm ak La Polis Nasyonal Ayiti a PNH.

Yon jès Direktè Ladwàn Pòdepè, Madam Nadège Rebecca Etienne akeyi. Li remèsye Direktè Polis Nasyonal la pandan l te eksprime fyète l pou l kapab kolabore ak Lapolis nan batay kont krim transnasyonal. Direktè a pwofite raple ke Ladwàn gen non sèlman yon misyon taks, men tou yon misyon pwoteksyon piblik.

Mak distenksyon sa a vini kèk jou apre brigad Ladwàn nan te fè yon gwo sezi minisyon nan Pòdepè.

Share This Article