Thaïca Dorvil, 25 lane, se yon jèn dam yo te rive jwenn kadav li nan Samdi pase a nan lokalite Guedon nan plato santral la, yon ti kras plis pase 24 èd tan apre li te kite kay li ak menaj li Marc Naly Joseph. Mesye sa se li ki sispè nimewo 1 dapre lapolis se li ki te komèt asasina sa a, yo ensiste pou di li te konn leve men sou Thaîca mennaj li a. Lapolis Nasyonal Ayiti di li vle arete l pou l ka reponn de zak li devan yon tribinal konpetan.


