Lapolis kenbe gang 400 mawozo nan gòj

CTN News
Categories: Uncategorized

Mwens pase 24 èdtan apre operasyon polisye ki te mennen nan fiziyad lanmò chèf gang puisan “Kòlèg” moun kinneb sou non sa, lapolis debake jedi 4 out 2022 sa a nan gwo fò òganizasyon kriminèl sa a kap opere nan vil la. Croix des Bouquets kote yo te pwosede pou yo lage sis moun gang yo te kidnape epi ki te fèmen. Pami sis otaj yo genyen yon sitwayen fransè, daprè lapolis ki pwomèt  operasyon yo ap kontinye pou chèche bandi yo rive nan dènye branchman yo. Dènye operasyon sa a te fèt nan fièf gang 400 mawozo a kèk èdtan apre seremoni antèman  chèf gang “Kòlèg” ki te touye jou avan pandan echanj kout zam ak lapolis. . Enstitisyon lapolis kenbe gang 400 mawozo nan gòj nan ogmante operasyon li kont òganizasyon kriminèl sa a. 1ye dawout 2022 a, PNH te arete yon manm enpòtan nan gang sa a nan zòn Mibalè, Remy Renèl, alyas “Lele”. Daprè enfòmasyon preliminè, Remy Renèl ta patisipe nan yon zak vòl ki te fèt nan yon ponp gaz nan vil Kwadèboukè. Depi lè sa a, li te kouri nan depatman Sant lan. Nan depatman sa a tou, de jou apre jou ki te 3 dawout 2022, lapolis mete men sou Fenelon Jocelin (35), yon lòt manm aktif nan òganizasyon kriminèl ki rele 400 Mawozo a. Remake byen ke gwoup kriminèl sa a regilyèman atake patwouy lapolis epi touye ofisye lapolis yo. Enspektè lapolis Réginald Laleau, 45 lane, ki soti nan 14yèm pwomosyon Polis Nasyonal peyi DAyiti (PNH), plase nan komisarya Kwadèboukè, se dènye viktim yo idantifye nan lapolis nasyonal la. Bandi ki soti nan 400 mawozo te asasinen li nan dat 24 jiyè 2022 ki sot pase a, nan teren yo nan legliz Asanble Bondye a nan Meyè.

Share This Article