Lapolis adopte nouvo mezi pou diminye chan aksyon bandi yo

CTN News
Categories: Uncategorized

Lapolis Nasyonal Ayiti adopte nouvo mezi pou limite dimansyon bandi yo nan plizyè zòn nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens. PNH anonse nan yon nòt deplwaman plizyè inite espesyal nan sant vil Pòtoprens, Bas Lali ak Kwadèboukè. Deplwaman masiv inite espesyalize PNH sa a fè pati mezi enstitisyon polis la pran pou rasire popilasyon an e an menm tan anpeche bandi atake moun inosan, presize nòt la. Nan komin Kwadèboukè, lapolis te pran pozisyon nan plizyè distri tankou Nan Rémy, Dagou, La féroné”, yo te repitasyon kòm gwo fò gang ame. Prezans lapolis nan zòn sansib li yo temwaye volonte enstitisyon lapolis la pou mete deyò tout bandi ki ta renmen teworize popilasyon sivil la souliye nòt la. Nan absans materyèl gouvènman defakto Ariel Henry te pwomèt, direktè jeneral enterimè PNH la Frantz Elbé ap gen pou l fè tout sa l kapab ak mwayen ki nan men yo, pou pote rezilta popilasyon an ap tann lontan.

Share This Article