Yon sitiyasyon laterè ap monte depi dimanch swa nan distri Tòsèl, Pènye, Tapaj, Taba ak zòn alantou yo. Dapre moun ki abite nan zòn sa yo, yo te tande kout zam de tanzantan pandan tout dimanch swa a ak nan jounen lendi 20 jen 2022 la. Dapre plizyè sous, aksyon sa yo se travay bandi ki fè pati gang Vithelome dirije ki te bay Premye Minis Ariel Henry yon iltimatòm 72 èdtan. Yo te mete dife nan plizyè machin. Moun ki rete nan zòn nan rete prizonye lakay yo. Fòk nou note zak vyolans sa yo pat pèmèt timoun lekòl nan zòn nan patisipe nan premye jou egzamen ofisyèl nevyèm ane fondamantal ki kòmanse lendi 20 jen nan lekòl nan tout depatman nan peyi a.

