Imigrasyon: Nouvo patenarya ant Eta Massachusetts ak depatman sekirite enteryè (DHS) pou ede imigran ki nan abri tanporè yo jwenn kat travay yo

Emmanuel Paul
By
Emmanuel Paul
Journalist/ Storyteller
Emmanuel Paul is an experienced journalist and accomplished storyteller with a longstanding commitment to truth, community, and impact. He is the founder of Caribbean Television Network...
Categories: Politics

Administrasyon Healey-Driscoll ak Depatman Sekirite Enteryè (DHS) ap chèche bay asistans pou imigran ki nan abri tanporè.

Yo planifye yon klinik legal pou 13 novanm nan konte Middlesex  pou ede refijye ki loje tanporèman jwenn otorizasyon travay yo byen vit.

Gen yon gwo reta nan nivo gouvènman federal la nan pwosesis aplikasyon pou pèmi travay. Anpil moun ki aplike pou Estati Pwoteje Tanporè ak lòt pwogram imigrasyon yo ap tann kat travay yo depi plis pase yon ane. Gen anpil moun lè resi resevwa dokiman sa li rive jwenn yo tou ekspire telman l te pran tan.

“Nou kontan ke administrasyon Biden-Harris la òganize klinik sa a avèk nou, ki pral ede trete otorizasyon travay yo avèk plis efikasite ke posib. Anpil rezidan abri vle travay men yo fè fas ak gwo baryè pou jwenn otorizasyon travay,” daprè  Gouvènè Maura Healey.

Sesyon travay sa a pral yon opòtinite tou pou Eta Massachusetts konekte imigran ak anplwayè yo.

“Klinik sa a pral enpòtan anpil pou kontinye travay administrasyon nou an te deja antreprann pou konekte plis imigran ak opòtinite travay, ki pral ede yo sipòte fanmi yo epi deplase soti nan abri imigrasyon  ijans pou jwenn solisyon lojman ki pi estab,” dapre yon not pou laprès biwo gouvènè a mete deyò lendi 30 Oktob la.

Gouvènè a ap mete mwayen transpò disponib nan sant abri pwovizwa yo pou moun ki pral nan aktivite sa k ap fet 13 Novanm.

Eta Massachusetts se yon destinasyon prefere pou anpil imigran ki poko genyen dokiman legal yo.  Majorite ladan yo se ayisyen.

Akoz yo pa gen mwayen pou peye lwaye, anpil imigran ki fèk rive oblije al chache  abri tanporè nan kad yon  yon pwogram gouvènman eta Massachusetts tabli. Pwogram sa a pral fini byento. “Apati premye novanm 2023, Eta a p ap kapab ajoute nouvo inite aranjman ankò. Lè sa a, y ap evalye fanmi k ap chèche abri, epi yo pral bay priyorite a moun ki gen bezwen enpòtan, tankou risk sante ak sekirite. Fanmi ki pa gen bezwen ijan yo pral mete sou yon lis datant,” dapre yon kominike pou laprès ki disponib sou sit entènèt gouvènman an.

Sa gen plizyè semèn, Gouvènè Maura Healey te mande yon nouvo deziyasyon Estati Pwoteje Tanporè pou imigran ayisyen yo. Plizyè korespondans deja al jwenn Mezon Blanch lan nan sans sa a, daprè sa Maura Healey te fè konnen nan yon entèvyou ak WGBH.

Anpil imigran ki fèk rive gen anpil kapasite ak kalifikasyon pou travay epi yo vle deplase soti nan abri tanporè byen vit. Yo jis bezwen jwenn kat travay yo pou yo kòmanse travay ak pran swen fanmi yo, Maura Healy te fè konnen nan entèviou sa.

Imigrasyon: Nouvo patenarya ant Eta Massachusetts ak depatman sekirite enteryè (DHS) pou ede imigran ki nan abri tanporè yo jwenn kat travay yo

author avatar
Emmanuel Paul
Emmanuel Paul is an experienced journalist and accomplished storyteller with a longstanding commitment to truth, community, and impact. He is the founder of Caribbean Television Network (CTN), a mission-driven media platform dedicated to delivering high-quality, in-depth journalism focused on Haitian and Caribbean immigrant communities in the United States and around the world. Before relocating to the United States, Emmanuel built a distinguished career in Haiti, where he worked for several prominent media outlets and became known for his insightful reporting and unwavering dedication to public service journalism. Emmanuel holds a diverse academic background with studies in Sociology, Anthropology, Economics, and Accounting, equipping him with a multidimensional perspective that informs his journalistic approach and deepens his understanding of the social and economic forces affecting diaspora communities. Beyond his work in media, Emmanuel is the founder of FighterMindset, a 501(c)(3) nonprofit organization dedicated to supporting cancer survivors. As a survivor himself, Emmanuel channels his personal journey into advocacy and empowerment, offering resources and hope to others facing similar battles. His career is a testament to resilience, purpose, and the transformative power of storytelling.
Share This Article