Yon gwo konfwontasyon legal ap dewoule ant pouvwa jidisyè ameriken an ak administrasyon Trump la apre depòtasyon kontwovèse plizyè santèn Venezyelyen.
Bonè lendi, Jij Federal James Boasberg te mande gouvènman an pou l bay eksplikasyon sou depòtasyon 238 sitwayen venezyelyen, malgre li te bay yon òd pou sispann pwosesis la.
Dapre Reuters, moun ki te depòte yo se moun yo akize kòm manm gwoup kriminèl venezyelyen Tren de Aragua, yon gang ki fè anpil moun pè.
Mezon Blanch jistifye aksyon an sou baz Alien Enemies Act 1798, yon lwa ki prèske pa janm itilize epi ki te fèt pou aplike sèlman nan tan lagè.
Jij Boasberg mete yon odyans pou lendi a 5:00 p.m. (lè Etazini) pou detèmine si depòtasyon yo te fèt anvan oswa apre li te bay desizyon li.
Reuters rapòte ke desizyon sa a te vini aprè American Civil Liberties Union (ACLU) ak lòt òganizasyon dwa moun te depoze yon plent pou bloke depòtasyon yo.
Nan yon dokiman legal, Depatman Jistis te rekonèt ke lòd jij la te parèt sou sistèm tribinal la sou entènèt a 7:26 p.m. samdi swa. Kòm repons, El Salvador, kote moun ki depòte yo te voye ale a, te pibliye videyo ki montre yo desann avyon an. “Oops… twò ta,” Prezidan Salvador Nayib Bukele te ekri sou rezo sosyal X (ansyen Twitter), dapre Reuters.
Administrasyon Trump la defann aksyon li
Devan kritik yo, administrasyon Trump la defann aksyon li ak anpil fòs.
Dimanch, pòtpawòl Mezon Blanch la, Karoline Leavitt, te di ke yo pa te vyole lòd jij la, epi li te mete an dout otorite tribinal la nan ka sa a. “Yon sèl jij nan yon sèl vil pa ka dikte mouvman yon avyon… plen ak etranje ki se teroris epi ki te ekspilse fizikman sou tè ameriken an,” li deklare, dapre Reuters.
Administrasyon ameriken an kenbe pozisyon li ke moun sa yo reprezante yon menas pou sekirite nasyonal, e depòtasyon yo se yon desizyon egzekitif souvren. Pozisyon sa a ap agrandi deba sou separasyon pouvwa yo Ozetazini, e li ka mennen nan yon kriz konstitisyonèl, kote pouvwa egzekitif la pa okipe desizyon tribinal yo. Gen kèk manm gwoup MAGA nan Kongrè a ki deja kòmanse mande pou mete kèk jij an akizasyon, paske yo pran desizyon ki kont volonte gouvènman ekstrèm dwat Etazini an.
Yon batay legal sou imigrasyon ki ap vin pi grav
Depòtasyon sa yo rantre nan yon pi gwo tandans kote administrasyon Trump la konteste pouvwa tribinal yo pou sipèvize desizyon li yo. Depi Trump rive sou pouvwa a, li ap chèche agrandi otorite egzekitif la, sitou nan domèn imigrasyon.
Dapre Reuters, Tom Homan, konseye espesyal Trump sou imigrasyon, deklare ke avyon ki te pote moun yo te gentan kite tè ameriken anvan jij la te bay lòd li, epi gen plis vòl ki gen pou fèt. “Yon fwa ou depase fwontyè yo, sa fèt deja. Yo te deja nan dlo entènasyonal, pre pou aterri. Ou konnen kisa? … Nou te fè sa nou te dwe fè,” li te di sou emisyon Fox & Friends sou Fox News.
Lè yo te mande si depòtasyon yo ap kontinye, Homan te reponn klèman: “Yon lòt avyon, yon lòt avyon chak jou. Nou pap kanpe. Pa gen enpòtans kisa jij yo panse.”
Konfwontasyon legal sa a mete limyè sou tansyon k ap ogmante ant administrasyon Trump la ak tribinal federal yo. Gen plizyè ka kote òganizasyon dwa moun akize gouvènman an ke li pa respekte desizyon tribinal yo.
Ak yon Kongrè ki an majorite sipòte desizyon prezidan an, tribinal yo rete dènye espwa pou kontwole pouvwa egzekitif la. Rezilta batay sa a ka gen gwo konsekans sou separasyon pouvwa yo Ozetazini, epi sou fason gouvènman an aplike lwa imigrasyon yo.