Avoka plenyan ayisyen yo nan dosye Miot v. Trump depoze “memwa” opozisyon yo lendi a devan Kou Dapèl Etazini pou Sikui Distri Kolonbya.
Dokiman sa a gen 31 paj, epi li vini ak tout transkripsyon odyans ki te dewoule 12 fevriye pase a devan Jij Ana C. Reyes. Se repons plenyan yo bay sou demand sispansyon dijans gouvènman an te depoze 6 fevriye a.
Anje a grav anpil. Si panèl twa jij yo: Justin R. Walker, Florence Y. Pan ak Bradley N. Garcia, aksepte demand gouvènman an, lòd Jij Reyes ki te pwoteje plis pase 350,000 benefisyè ayisyen TPS yo ap tonbe, epi depòtasyon yo ka kòmanse touswit.
“Memwa” plenyan yo bati sou de gwo agiman: premyèman, balans tò ak prejidis yo panche totalman sou tèt benefisyè TPS yo; dezyèmman, pleyan yo gen gwo chans pou yo genyen sou fon dosye a.
Depi nan premye liy yo, avoka plenyan yo klè: « Tout sa gouvènman an ap mande, se depòte Ayisyen yo pi vit, » dapre sa yo ekri. « Si yo akòde sispansyon an, imigran sa yo ki nan sitiyasyon legal ap fè fas ak depòtasyon imedya nan yon peyi ke yo dekri kòm yon toubiyon maladi, povrete, vyolans — san konte vyolans seksyèl — ak lanmò. »
Avoka yo raple yon trajedi ki te pase pou montre danje a reyèl: « Sa fè apèn de semèn, yo te jwenn kò kat fanm ayisyèn gouvènman ameriken te depòte kèk mwa anvan sa, tèt yo koupe, jete nan yon rivyè. Si yo sispann lòd tribinal la, anpil lòt moun ap sibi menm sò a. »
Gouvènman an te rekonèt konsekans yo
“Memwa” a apiye anpil sou sa gouvènman an li menm te deklare nan odyans 12 fevriye a. Avoka Ministè Lajistis la, Dhruman Sampat, te rekonèt devan Jij Reyes ke si yo te akòde sispansyon an, « pa gen anyen ki t ap anpeche DHS ak ICE prezante yo » lakay benefisyè yo pou mete yo nan pwosedi depòtasyon. Deklarasyon Liana Castano, direktris adjwen ICE, ki nan dosye a, konfime ke « si yo pa t bloke fen pwogram TPS la, DHS t ap aji » pou aplike desizyon an.
Avoka yo soulinye yon pwen Jij Reyes te mete an evidans nan odyans lan: yon fwa yo depòte yon benefisyè TPS ann Ayiti, li pa gen okenn mwayen legal pou l retounen Ozetazini, menm si li ta genyen dosye a nan tribinal. TPS pèmèt yon moun rete sou tè ameriken, men li pa bay okenn dwa pou antre. Lè Jij Reyes te mande si gen yon chemen legal pou retounen, Mesye Sampat te admèt: « Mwen pa ka jwenn youn la pou la. »
Sou kesyon tò gouvènman an ta sibi, “memwa” a klè. Avoka yo raple ke Ayiti gen deziyasyon TPS depi 2010 e ke « gen plizyè santèn milye benefisyè ayisyen TPS ki ap viv pami nou depi prèske ventan san okenn pwoblèm. Pa gen okenn ijans toudenkou ki mande ekspilsyon imedya yo. »
“Memwa” a montre gouvènman an pral gen difikilte pou eksplike devan kou dapèl la: nan de desizyon anvan yo ki te bloke tantativ pou mete fen ak TPS ayisyen an — nan dosye HECA ak NTPSA — gouvènman an pa t jije nesesè pou mande sispansyon dijans. Anplis, lè dosye TPS Venezyelyen an te rive devan Kou Siprèm nan, gouvènman an te di aklè li « pa t ap chèche sispann pati desizyon tribinal distri a ki konsène Ayiti ». Konpòtman sa a, dapre avoka yo, kontredi tout pretansyon gouvènman an sou prejidis ireparab.
Agiman jiridik sou fon dosye a
Memwa a konsakre dezyèm pati li pou montre plenyan yo gen gwo chans pou yo genyen sou fon dosye a. Sou kesyon santral konpetans tribinal yo, avoka yo raple ke dispozisyon gouvènman an envoke pou bloke tout egzamen jidisyè — Atik 1254a(b)(5)(A) — konsène sèlman fon desizyon sekretè a, pa pwosesis li te itilize pou rive pran desizyon an. Uit (8) tribinal federal diferan adopte entèpretasyon sa a san okenn eksepsyon.
Avoka yo fè remake ke Sekretè Noem pa t konsilte ajans federal yo jan lalwa egzije sa. « Konsiltasyon » an te limite a yon echanj de fraz pa imèl. Konklizyon ki fè kwè « pa gen okenn kondisyon ekstraòdinè ak tanporè ann Ayiti ki anpeche resòtisan ayisyen yo retounen an sekirite » a kontredi sa ki nan dosye administratif la. Depatman Deta a li menm te pibliye yon avi Nivo 4 — nivo ki pi wo a — ki dekonseye tout vwayaj ann Ayiti, pou tout rejyon nan peyi a.
Sou kesyon enterè nasyonal Madanm Noem envoke a, avoka yo avanse yon agiman solid: sekretè a mete fen ak tout douz deziyasyon TPS ki te vin pou revizyon depi administrasyon Trump la antre an fonksyon. Aksepte definisyon li bay enterè nasyonal la ta vle di, an reyalite, aboli estati TPS la — sa ki depase otorite li.
Memwa a konsakre dènye paj li yo a kesyon konstitisyonèl pwoteksyon egal la ki garanti egalite devan lalwa epi entèdi tout fòm diskriminasyon bò kote gouvènman an. Avoka yo fè konnen desizyon Madan Noem te motive, omwen an pati, pa animozite rasyal. Yo raple Prezidan Trump te akize Ayisyen yo ke y ap « manje chen » ak « manje chat » Ameriken yo kèk mwa sèlman anvan premye tantativ revokasyon an, epi li te pwomèt revoke TPS ayisyen an epi « voye Ayisyen yo tounen nan peyi yo ». Pou Madan Noem, li te kalifye Ayisyen yo ak resòtisan dizwit lòt peyi ki pa blan kòm « sansi », « moun k ap viv sou èd sosyal » ak « anvayisè etranje ».
Memwa a vini ak transkripsyon konplè odyans 12 fevriye a — 59 paj deba devan Jij Reyes. Dokiman sa a, ki kounye a nan dosye apèl la, gen ladan echanj kote gouvènman an te rekonèt pwen pa pwen konsekans konkrè yon sispansyon. Li gen ladan tou deklarasyon Jij Reyes ki t ap li awotvwa menas lanmò li te resevwa epi ki te deklare: « Kolèg mwen yo ak mwen menm ap kontinye onore sèman nou pou n aji san krent ni favè. Yo p ap entimide nou. »
Panèl kou dapèl la dwe pran desizyon kounye a. Dat limit pou memwa repons gouvènman an se 19 fevriye. Desizyon panèl la ap detèmine si 350,000 benefisyè ayisyen TPS yo ap kenbe estati pwoteksyon yo pandan dire apèl la — oubyen si yo ap fè fas ak depòtasyon imedya nan yon peyi ke gouvènman ameriken an li menm kalifye kòm twò danjere pou moun vwayaje.
https://ctninfo.com/?p=40088&preview=true
https://www.facebook.com/CaribbeanNewsMedia



