On ti Mizopwen sou Not USCIS sou dat dekspirasyon kat travay pou Benefisyè TPS Ayisyen

Emmanuel Paul
By
Emmanuel Paul
Journalist/ Storyteller
Emmanuel Paul se yon jounalis ki gen anpil eksperyans epi yon rakontè istwa ki angaje depi lontan pou verite, jistis sosyal, ak devlopman kominote yo. Li...

Sèvis Sitwayente ak Imigrasyon Etazini (USCIS) pibliye yon nòt enfòmasyon  konsènan verifikasyon elijibilite kat travay benefisyè ki gen Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) ayisyen. Nòt sa a, ki soti nan sistèm “E-Verify”, gen pou objektif eklèsi konfizyon ki te parèt nan mitan anplwayè yo konsènan dat ekspirasyon dokiman otorizasyon travay.

Apre desizyon Jij Ana C. Reyes te pran nan ka TPS Ayisyen yo, USCIS te deja pibliye yon nòt pou enfòme piblik la sou aplikasyon lòd tribinal la. Sepandan, anpil anplwayè yo te kontakte ajans lan pou eksprime difikilte yo te gen pou verifye elijibilite travay anplwaye yo ki benefisye TPS paske sistèm “E-Verify” pat ankò ajou.

Kòm rezilta pwolongasyon jidisyè TPS Ayiti a, administrasyon federal la te oblije mete sistèm verifikasyon an konfòmite ak nouvo reyalite legal la.

Kisa Nòt la Di?

Nòt USCIS  pa kapab etabli yon dat ekspirasyon definitif sou dokiman otorizasyon travay yo aktyèlman. Se poutèt sa, USCIS mande anplwayè yo konsilte sistèm “E-Verify” regilyèman pou verifye si gen chanjman nan dat ekspirasyon yo.

Dispozisyon sa a reflete nati pwosedi jidisyè ki toujou ap kontinye.

Si Tribinal Dapèl la ta pran yon desizyon an favè gouvènman an anvan 15 mas 2026, USCIS t ap mete sistèm li  ajou rapidman pou reflete ke dat sa a pa valab ankò. Nan ka kontrè a, si desizyon an favorize benefisyè yo, gouvènman an ap kontinye pwolonge dat la peryodik: 15 avril, 15 jen, 15 jiyè, elatriye, jiskaske gen yon desizyon final.
An tan nòmal, on desizyon jistis final ta  gen dwa pat janm pran jiskaske manda prezidan Trump ta ekspire, paske jeneralman dosye sa yo pran tan nan lajistis. Men kounye a bagay yo vin chanje. Lakou Siprèm ka deside pran on dosye epi deside sou li byen vit.

Li enpòtan pou konprann se pa administrasyon Trump lan ki deklare TPS Ayiti a ap expire 15 mas. Politikman, gouvènman an pa ka mete yon dat pi lwen sou dokiman otorizasyon travay. Si l ta fè sa sipòtè Trumnp yo ta ka ent¡eprete sa kòm yon pwolongasyon an katimini epi tou administrasyon Trump lan pa montre li gen ankenn volonte pou ta kite dosye a suiv chemen l nan lajistis.

Pou Ki Moun Nòt sa a Enpòtan?

Premyèman, nòt sa a konsène anplwayè yo ki bezwen konnen kijan pou yo jere dosye anplwaye yo ki gen TPS. Nan yon sètèn mezi, li konsène tou Depatman Otomobil (DMV) nan diferan Eta yo ki te mande USCIS bay klarifikasyon sou ki dat ekspirasyon yo dwe mete sou lisans kondi benefisyè TPS yo. (Kèk Eta bay lisans kondi a tout rezidan yo, kèlkeswa estati imigratwa yo.)

Benefisyè TPS Ayisyen yo pa dwe enkyete akòz nòt sa a. Dokiman yo rete valab, epi pwoteksyon lòd tribinal Jij Reyes la kontinye aplike. Nòt USCIS la se yon mezi administratif pou asiste anplwayè yo nan travay verifikasyon yo, pa yon chanjman nan estati legal benefisyè yo.

Sitiyasyon an kontinye evolye selon pwosedi jidisyè yo. Caribbean Television Network (CTN) ap swiv devlopman yo de prè epi ap kontinye enfòme kominote a sou tout chanjman enpòtan.

Pou plis enfòmasyon sou TPS Ayiti ak pwosedi legal yo, vizite sitwèb USCIS la oswa kontakte yon avoka imigrasyon kalifye.

https://ctninfo.com/uscis-pote-ekles…isye-tps-ayisyen/

https://www.uscis.gov/humanitarian/temporary-protected-status/temporary-protected-status-designated-country-haiti

Share This Article