Jounalis ayisyen byen popilè Wadson Désir ap fè fas ak pwoblèm legal Ozetazini.
Antanke kontraktè sou platfòm transpò Lyft, Wadson Désir jwenn arestasyon l mèkredi 21 me 2025 apre li ta swadizan kenbe yon pasaje kont volonte li nan machin li epi asèkle li aprè sa.
Li te parèt devan yon jij nan Konte Miami-Dade jedi 22 me.
Dapre rapò arestasyon an, Wadson Désir, ki gen 46 lane, ap fè fas ak akizasyon “fèmen moun ilegalman” ak “asèlman.”
Evènman yo ta dewoule pi bonè mwa sa a, lè viktim lan — ki se yon anplwaye Starbucks ki abite Homestead, Florid — te mete kòmand yon machin pou l al lakay li atravè aplikasyon Lyft. Dapre sa ankètè yo rapòte, pasaje a te remake byen vit ke Désir pa t ap swiv chemen ki te prevwa a.
Rapò a fè konnen pasaje a te resevwa plizyè notifikasyon nan men Lyft, pami yo youn ki te konseye li rele polis si li te santi l an danje. Li te fè chofè a konnen sa. Selon NBC6, chofè a te ri epi li te reponn li te fè yon “ti tòde chemen.”
Poutèt li te pè pou sekirite li, dam lan te rele mennaj li pou li ka suiv kote li ye a an tan reyèl. Lè yo rive nan katye li, sitiyasyon an ta vin pi grav toujou. Dapre rapò a toujou: «Désir te egzije pou li remèt telefòn li. Lè li te eseye sòti nan machin nan, li te dekouvri pòt yo te fèmen. Li te finalman remèt telefòn nan.» Se apre sa, chofè a ta mete nimewo pèsonèl li nan aparèy la epi rele telefòn li pou l jwenn kontak li. Se sèlman apre manipilasyon sa a li ta louvri pòt yo, sa ki te pèmèt viktim lan chape poul li, selon sa polis Miami-Dade rapòte bay NBC6.
Men, istwa a pa t sispann la. Kèk jou apre sa, Désir ta tounen sou plas kote viktim lan ap travay la. Li ta prezante devan pòt Starbucks la epi leve telefòn li anlè an direksyon dam lan, yon aksyon yo entèprete kòm yon fòm asèlman. NBC6 eksplike tou ke Starbucks ak Lyft se patnè nan yon pwogram ki pèmèt anplwaye yo jwenn transpò gratis pou ale travay.
NBC6, ki se premye medya ki te rapòte istwa a, fè konnen li te kontakte Lyft pou yon deklarasyon ofisyèl sou dosye sa a, men konpayi an poko reponn piblikman.
Akizasyon asèlman sou platfòm transpò yo vin tounen yon fenomèn ki repete. Uber ak Lyft ap fè fas souvan ak akizasyon selon yo pa pran ase mezi pou pwoteje itilizatè yo.
Sou yon peryòd de de (2) ane, plis pase 6,000 ka “agresyon seksyèl ki enplike pasaje ak chofè, ladan yo 464 ka vyòl” te rapòte pa Uber, tandiske Lyft te konte plis pase 4,000 ka, selon CNN.
Tou le de gwo konpayi “rideshare” sa yo gen politik ki prevwa peman ki depase 1 milyon dola pa ka pou chak plent ki gen rapò ak asèlman.
Pou kounye a, tout kont Wadson Désir yo dezaktive sou tout platfòm sèvis transpò yo, dapre politik ki an aplikasyon nan konpayi sa yo. Menm si li ta jwenn li inosan, li pral gen anpil difikilte pou rekòmanse aktivite li kòm chofè ak Lyft oswa Uber. Li pral anrejistre kòm yon predatè seksyèl nan tout rejis otorite transpò nan chak eta nan peyi Etazini. Dosye sa yo trè difisil pou efase, menm si akizasyon yo ta pwouve fo.
Si li jwenn koupab, li ka pran jiska 5 lane prizon ak plis pase 5,000 dola amann, dapre lwa ki an vigè nan Eta Florid. Li ka jwenn entèdiksyon pou l pa parèt nan zòn kote viktim lan ap viv.
Li kapab tou depòte pa administrasyon Trump lan, ki gen yon politik depòtasyon trè agresif. Ajan ICE yo trè prezan nan lokal tribinal yo pou arete moun ki gen dosye ak lajistis.
Li enpòtan pou raple Wadson Désir toujou prezime inosan jiskaske lajistis pwouve li koupab pou akizasyon y ap fè kont li yo.