Eske Prezidan Donald Trump kapap deside pou kont li mete bout nan TPS pou Ayiti ak lot Peyi?

Emmanuel Paul

Desizyon Donald Trump sou TPS: Kisa imigran dwe konnen?
Eske Donald Trump kapap kanpe estati pwoteksyon tanporè (TPS) pou imigran? Nou jwenn kesyon sa chak jou.
Depi anvan eleksyon prezidansyel ameriken yo kandida Donald Trump te deja fè konnen li pral kanpe TPS pou Ayisyen ak plizyè lot peyi. Lòske dirijan ekstrèm dwat repibliken an vin re-eli prezidan anpil moun te panike parapò avek pozisyon mesye a sou kesyon imigrasyon. Dayè on gran pati nan kanpay mesye Trump te fet sou do Ayisyen Ozetazini ak koze TPS sa.
Mentnan pou reponn a kesyon nou te poze nan komansman. Repons ki pi senp la se “Non. Men”?  Sa ka etone w paske w konnen ki valè pouvwa on prezidan ameriken genyen pou l paka mete on bout nan on pwogram imigrasyon? Kite m baw on ti eksplikasyon sou Non an anvan apre ma retounen sou MEN an.
Se kongrè ameriken ki te deside nan dat 5 Desanm 1990 pou yo te vote lwa sou TPS . Nan lane sa te genyen 17 peyi pami yo Ayiti ki te benefisye desizyon sa.
Lojik ki te kache dèyè vòt sa se akoz enstabilite politik, katastwof imanitè ak lot rezon ki fè peyi sa yo te benefisye TPS la.
Men sa kongrè a te eksplike lè sa:
“Lè gen dezòd sivil, vyolans, oswa dezas natirèl ki eklate nan plizyè peyi atravè lemond, sa soulve enkyetid sou kapasite kèk sitwayen etranje ki deja nan Etazini pou yo retounen an sekirite nan peyi yo. Lwa sou Imigrasyon ak Nasyonalite (INA) bay dispozisyon pou estati pwoteksyon tanporè (TPS) ak lòt fòm soulajman kont depòtasyon nan sèten sikonstans espesifik.” (Kongrè Ameriken)

Mentnan m konnen ou toujou ap tann repons pi direk la. 

Se konstitisyon ameriken an nan atik premye seksyon 3 ki di konstitisyon an bay prezidan pouvwa pou aplike lwa kongrè adopte. Donk, daprè sa konstitisyon an di prezidan dwe aplike lwa kongrè a vote. Konstitisyon an di tou prezidan gen vwa pou l mete anbago (Veto) sou on lwa li pa dakò lè kongrè a te fek vote l. Si genyen on majorite absoli de 2/3 ki vote lwa pagen ankenn anbago posib prezidan kapap mete.
Konstitisyon an di tou prezidan pa kapap deside li pap aplike on lwa sou baz selman li pa renmen lwa sa. Si prezidan pa renmen on lwa li kapap toujou fè lòbi bò kot kongrè a pou l fè yo chanje l.
Lwa sou TPS la: 
Genyen plizyè kalite lwa kongrè a vote. Gen nan lwa sa yo ki bay prezidan pouvwa pou l fè on aksyon. Konsa tou lwa rekonet prezidan kapap deside pa fè aksyon sa. Se anba kategori sa lwa sou TPS la tonbe. Li bay prezidan dwa pou dezinye on peyi pou TPS aprè evaliasyon plizyè ministè tankou enteryè, afè etranjè ak defans pou n site sa yo selman. Se pwovizyon sa anpil prezidan itilize pou deside bay TPS a siwayen plizyè peyi.

Nan lane 1990 George Bush papa te itilize l pou dezinye Ayiti pou TPS akoz pwoblem politik peyi a t ap fè fas nan period sa. Lè Bill Clinton vi n ranplase l an 1992 li kontinye dezinye Ayiti pou TPS paske pwoblem ki te fè Ayiti te gen TPS la te toujou la. Lè pitit George Bush, George W. Bush vi n prezidan li kontinye bay TPS Ayiti paske pwoblem yo te fèk kare la. Lè Obama vin prezidan  li kontinye sou menm lanse a paske nan lane 2010 Ayiti te pran on gwo tranbleman tè epi te gen pwoblem politik tou. Loske Donald Trump vi n prezidan nan lane 2017 li te kouri byen vit deside kanpe TPS pou Ayiti. Se lè sa t ap pral genyen on jij federal ki deside kanpe desizyon prezidan Trump lan pou on ti bout tan pou l te ka analize validite desizyon an. Fok mwen di w manda Trump te fini jiskaske l te pèdi eleksyon an an 2020 tibout tan sa pot ko janm rive. Dosye a t ap trennen devan lajistis toujou.
Lè Biden genyen eleksyon yo sou Donald Trump li te deside byen vit nan lane 2021 bay TPS a Ayisyen ki twouve yo nan peyi Etazini epi abandone dsye TPS ki te devan jij la. Dènye fwa TPS la t ap al bay se nan lane 2024 loske prezidan Biden te redezinye Ayiti pou TPS. Sa ki te pèmet plis pase 320 mil Ayisyen ki te antre nan pwogram liberasyon kondisyonel te benefisye TPS. Sa vle di pou kounye a genyen anviwon 600 mil Ayisyen ki genyen TPS.

An 2024 Donald Trump regenyen eleksyon yo. Kou l tounen nan mezon blanch li retounen nan degonn pitit Desalin yo pi rèd. Fwa sa li deside retire 6 mwa nan TPS Biden te bay la pandan l ap prepare l pou l koute baagay sa. Men pa bliye m te diw: Lalwa di on lwa kongè vote se sel on lot lwa ki ka retire l.
Kounye a m fin eksplike w Non an. Ki te m baw eksplikasyon sou Men an. 
Eksplikasyon sou Men a gen 2 pati. 

Premyeman, si Donald Trump vle retire TPS la li ta dwe fè chanm depite a vote pou abwoje lwa sa epi pou chanm sena apwouve l. Nan chanm depite a se on majorite senp ki ka fè sa. Li difisil men pa enposib paske repibliken yo an majorite nan chanm depite a. Nan sena repibliken yo majoritè tou men regleman enteryè Sena ak konstitisyon an di kalte lwa sa yo se majorite absoli ki dwe pran yo aloske repibliken yo gen selman 53 senatè nan sena. Donk yo t ap bezwen 14 demokrat ki te pou vote nan menm sans lan. Sa ki preske  enposib. Genyen on pwosedi nan regelam chanm sena ki te ka pèmet yo retire majorite absoli a. Se on pwosedi di rele rekonsiliasyon. Lè sa on majorite senp t ap ka vote. Men pou sa fet genyen direktè palman (Parlementarian) ki ta dwe apwouve. Moun sa pa pase nan eleksyon. Se palmantè 2 branch yo ki nonmen l. Men nou pap al rete twòp sou fonsyon sa.

Dezyèm mwayen prezidan te ka itilize pou retire lwa sou TPS la se si la kou siprèm ta deside lwa sa kontrè a sa konstitisyon an di. Nan pwen sa li pa enposib paske la tou, repibliken yo gen majorite nan kou siprèm nan byenke jij nan kou siprem yo pa rele tet yo repibliken ou demokrat, men konsèvatè ak liberal.

Eksperyans montre Lakou  Siprèm sa ta kapap pran on desizyon konsa. Men la ankò pwosesis la t ap  pran anpil tan anvan yo deside. Sa vle di Donald Trump kapap gentan pa prezidan ankò epi dosye sa toujou poko trete.

Sou baz desizyon ki te pran nan lane 2017 sou TPS la mwen “panse” e se selman opinyon pa m,  se menm desizyon an ki pra l pran toujou kote on jij ka mande administrasyon Trump la pou fè on kanpe sou desizyon l lan pou kanpe TPS la annatandan gen on desizyon definitif ki pran epi nou menm ki gen TPS la pral espere jij la deside an favè nou oubyen dosye a rete devan lajistis jiskaske on lot prezidan ki pa gen menm nivo èn nan pou AYisyen ta ranplase mesye Trump nan mezon Blanch.

Se on chemen long, men se li ki mwens penib pou imigran tankou m, tankou w ak anpil lot moun ki gen enterè nan dosye sa.

Donk, konsey pa m pou ou oubyen fanmi ak zanmi w ki gen TPS, se rete tet frèt. Pa pran nan pwovokasyon pou w al kouri travèse Kanada paske sitiasyon an pa menm jan nan peyi Kanada jan sa te ye nan lane 2017 yo. Se sa menm administrasyon Trump lan bezwen nou fè. Li bezwen nou panike epi kouri ale nan lot peyi lè sa pou l la di l te depòte anpil moun jan l te pwomet sa. Ou kapap kouri pou lapli epi w tonbe larivyè. Pa fè tet cho men selman mache sou 4 pou w pa rive twò pre 14.

 

Share This Article