Yon kantite enpòtan manm Kongrè Etazini, ki gen nan nan tet yo reprezantan demokrat Brooklyn Yvette D. Clarke, mande administrasyon Trump pou rekonsidere desizyon li pou mete fen nan Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) pou Ayiti.
Avèk reprezantan Ayanna Pressley (MA-07) ak Senatè Chris Van Hollen (D-MD), Clarke te voye yon lèt bay Kristi Noem, sekretè Sekirite Entèryè, pou denonse anilasyon TPS la kòm yon desizyon ki pa jis epi ki danjere.
Nan lèt sa 62 manm Chanm Reprezantan yo ak 23 senatè siyen, yo raple avi ki te pibliye nan jounal federal premye jiyè 2024 la te jistifye pwolongasyon TPS pou Ayiti akòz “ensekirite grav, vyolans gang, efondreman sosyo-ekonomik ak dezas anviwònman.” Sepandan, administrasyon Trump pibliye yon nouvo avi nan mwa fevriye 2025 ki anile pwolongasyon sa a, e li deklare ke pa gen ase jistifikasyon ankò.
“Desizyon sa a inyore prèv konvenkan ki montre ke Ayiti rete yon kote danjere pou imigran AYisyen tan retou,” se sa lèt la di, selon Caribbean Life.
Manm Kongrè yo raple administrasyon Trump kondisyon ki te fè administrasyon Biden pwolonje TPS pou Ayisyen yo toujou egziste. Sitiyasyon an menm vin pi mal, kote plis pase 90% nan Pòtoprens anba kontwòl gwoup ame ki responsab pou kidnapin, vyolans seksyèl ak asasinay san jijman.
Reprezantan nan 9yèm distri New York, Yvette D. Clarke se youn nan ki gwo defansè dwa Ayisyen nan Kongrè a. Li se ko-fondatè kokis Ayisyen nan Kongrè a, ke li te kreye avèk reprezantan Massachusetts Ayanna Pressley. Desizyon pou fonde kokis la te yon lide ansyen depite Michigan, Andy Levin.
Yvette Clarke se tou manm enpòtan nan Komite Sekirite Entèryè a. Li se prezidan gwoup Palmantè Nwa (Congressional Black Caucus), ki se pi gwo gwoup palmantè ameriken nan Kongrè Etazini.
Dapre yon rapò Nasyonzini, plis pase 5,600 moun mouri an Ayiti an 2024, sa ki reprezante yon milye viktim an plis konpare ak ane anvan an. Prèske mwatye popilasyon ayisyèn nan – sa vle di 5.5 milyon moun – bezwen èd anpil imanitè aloske 1.6 milyon ap soufri anba ensekirite alimantè katastrofik. Vyolans gang yo te fòse plis pase yon milyon moun kouri kite kay yo, jan Caribbean Life raple sa.
Manm Kongrè yo kritike anilasyon TPS pou Ayiti kòm yon politik “mal panse e kont enterè Etazini.” Yo raple pandan kanpay elektoral li nan 2024, Donald Trump te vize benefisyè Ayisyen TPS yo, yon retorik ki, selon yo, raple tantativ li nan anile estati a an 2017, yon desizyon tribinal te bloke paske li te vyole lwa administratif la.
Manm Kongrè yo mande administrasyon Trump pou pwolonje ak renouvle TPS pou Ayiti pou dire maksimòm 18 mwa lalwa pèmèt. Yo kwè yon refi ta reprezante yon vyolasyon nan Lwa Imigrasyon ak Nasyonalite (INA), ki mande pou desizyon sa yo pran sou baz done objektif ak konsiderasyon imanitè. Sepandan, yon refi parèt pa tèlman posib nou konsidere posisyon administrasyon Trump sou imigran ayisyen, yon kominote prezidan an atake plizyè fwa.
Anplis de sa, lidè demokraten nan Sena a, Chuck Schumer, te fè yon gwo denonsyasyon sou sispansyon bridsoukou administrasyon Trump nan èd etranje Ameriken, enkli sa ki ta dwe al jwenn Ayiti. Schumer te kalifye desizyon sa a kòm “yon erè estratejik grav ki fè mal anpil apèp Ayisyen an, relasyon Etazini ak Ayiti, ak enterè Ameriken nan rejyon an,” dapre Caribbean Life.
Schumer te mete aksan sou lefet diminye èd la ap fè Ayiti pi fèb, yon peyi ki deja ap lite ak konsekans tranbleman tè 2010 la ak yon enstabilite politik ki pèsiste. Li te ankouraje gouvènman an pou retabli imedyatman fon USAID (Ajans Etazini pou Devlopman Entènasyonal) te asiyen pou soutni inisyativ sante, asistans alimantè, ak sekirite nan peyi a.
“Plis nou ede pou estabilize Ayiti, se mwens Ayisyen ki pral oblije foure peyi yo pou chèche refij lòt kote,” Schumer te di Caribbean Life.