4 Fanm Ayisyèn mouri asasine an Repiblik Dominikèn aprè administrasyon Trump lan te fin depòte yo Soti Pòtoriko

Emmanuel Paul
By
Emmanuel Paul
Journalist/ Storyteller
Emmanuel Paul se yon jounalis ki gen anpil eksperyans epi yon rakontè istwa ki angaje depi lontan pou verite, jistis sosyal, ak devlopman kominote yo. Li...

Dapre rapò ki soti nan jounal pòtoriken El Nuevo Día, kat fanm sa yo te depòte soti Pòtoriko kèk mwa anvan bandi te asasinen yo. Leonard Prophil, yon lidè kominotè ki pale pou Ayisyen ki nan Pòtoriko, deklare fanm yo te disparèt depi 2 semèn, daprè sa Latin Times rapòte.

Prophil esplike ke fanm yo te rive Pòtoriko an desanm 2024. Yo te rete nan Barrio Obrero ak Puerto Nuevo, 2 katye nan zòn metwopolitèn San Juan kote anpil imigran abite.

“Youn ladan yo te depòte sa gen 2e mwa, epi lòt yo te depòte sa gen twa mwa ak kenz jou,” Prophil di.

Lidè kominotè a esplike ke asasina sa yo ta ka gen rapò ak gang ki kidnape fanm pou mande fanmi yo ranson. Souvan, fanmi sa yo ap viv Ozetazini.

Prophil pa t kache emosyon li lè li te pale ak laprès: “Kite moun sa yo an pè. Depòte yo se kondane yo a lanmò”, se mesaj sa Prophil te voye bay otorite amerikèn yo ki te depòte 4 medam sa yo.

Li kontinye pou li mande gouvènman ameriken an reflechi sou konsekans aksyon li yo: “Si gouvènman an vle ede, li ta dwe ede moun sa yo legalize sitiyasyon yo, paske chak fwa yo depòte yon moun konsa, se voye yo voye yo al mouri.”

Otorite Dominiken Arete Yon Sispèk

Otorite nan Repiblik Dominikèn anonse yo arete yon jè n gason ayisyen yo idantifye kòm Chin Laduse. Yo sispèk li gen koneksyon ak krim sa yo.

Dapre premye rapò yo, asasen yo te touye medam yo epi jete kadav yo nan yon rivyè. Kouran dlo a te pote kò yo nan zòn kote yo te jwenn yo a.

Operasyon arestasyon imigrasyon ki ap fèt nan tout Etazini rive tou nan teritwa tankou Pòtoriko. Depi plizyè mwa, ajan federal yo ap vize kominote ak katye kote yo konnen gen anpil imigran, sitou Dominiken ak Ayisyen, Latin Times rapòte.

Dapre yon rapò ajans EFE, gen anviwon 20,000 moun ki pa gen papye legal k ap viv nan Pòtoriko.

Nan mwa novanm ki sot pase a, gouvènman Pòtoriko te remèt otorite federal yo enfòmasyon konfidansyèl sou anviwon 6,000 imigran ki te anrejistre pou jwenn lisans kondui.

Done anrejistreman machin ka pèmèt otorite yo sivèye veyikil ak moun ki gen rapò ak yo. Ofisye imigrasyon ka idantifye ki moun ki ta ka nan yon machin lè yo chèche nimewo plak la oswa lè yo swiv li atravè lektè otomatik plak machin.

Lè yo konbine enfòmasyon sa yo ak dosye ki idantifye nasyonalite yon moun, done sa yo vin tounen yon zouti pwisan pou otorite imigrasyon yo pandan efò depòtasyon yo ap kontinye.

Trajedi sa a montre yon reyalite ki difisil pou anpil Ayisyen: retounen Ayiti jodi a ka vle di lanmò. Peyi a anba kontwòl gang ame ki kidnape, touye, epi fè moun peye ranson chak jou. Pandan sitiasyon an konpletman diferan an Repiblik Dominikèn, gen anpil krim ki anrejistre tou lakay vwazen.

Pandan administrasyon Trump la ap kontinye politik depòtasyon masif li a, kominote ayisyen atravè Etazini ak teritwa ameriken yo ap mande: kilè lavi moun sa yo ap gen valè nan je otorite amerikèn yo ki poutan toujou di y ap ede Ayiti.

https://ctninfo.com/ht/?p=39869&preview=true

https://www.facebook.com/CaribbeanNewsMedia

Sous: Latin Times

Atik orijinal: “Four Haitian Women Were Deported From Puerto Rico; They Have Now Been Found Decapitated” 

Share This Article