17 Eta ak Washington D.C. depoze yon “Amicus Brief” nan Kou Dapèl pou sipòte benefisyè TPS Ayisyen yo

Marie Samuelle Charlles

Pwokirè jeneral 18 Eta mete fòs ansanm pou fè Kou Dapèl la konprann ke mete fen ak pwogram TPS pou Ayiti a ap kraze fanmi, kraze ekonomi Eta yo epi mete sekirite piblik an danje.

Dizwit (18) pwokirè jeneral — ki reprezante 17 Eta ameriken ak Distri Kolonbya (Washington D.C.) — depoze yon memwa « amicus brief » nan dosye Miot v. Trump devan tribinal federal Distri Kolonbya pou sipòte benefisyè ayisyen pwogram TPS la. Eta sa yo se : Massachusetts, California, Connecticut, Delaware, Hawaii, Illinois, Maine, Maryland, Michigan, Minnesota, Nevada, New Jersey, New York, Oregon, Rhode Island, Vermont ak Eta Washington, ansanm ak Distri Kolonbya.
Yon « amicus brief » — ki vle di « memwa amikal tribinal » — se yon dokiman yon pati ki pa dirèkteman nan yon pwosè depoze pou bay tribinal la enfòmasyon oswa agiman ki ka ede li pran yon desizyon. Nan ka sa a, se pwokirè jeneral 18 Eta ki deside pale ansanm pou montre tribinal la ki konsekans konkrèt sipresyon TPS la ap genyen sou Eta yo ak kominote yo.

Massachusetts mennen konba a

Se Pwokirè Jeneral Massachusetts la, Andrea Joy Campbell, ki mennen kowalisyon sa a. Sa pa etonan, paske Massachusetts se youn nan Eta ki gen pi gwo kominote ayisyen nan peyi a, ak plis pase 15 000 benefisyè TPS ayisyen k ap viv ak travay la.
Madam Campbell deklare ke: « Benefisyè TPS ayisyen nan Massachusetts se manm aktif nan ekonomi Eta nou an. Yo souvan ranpli wòl enpòtan nan endistri swen sante ak swen granmoun yo. Atak administrasyon Trump la kont deziyasyon TPS Ayiti a pa gen okenn baz lojik epi se yon lòt egzanp move tretman li bay kominote imigran ki fè Commonwealth nou an ak peyi nou an pi fò. »
Li te ajoute : « M ap kontinye goumen kont politik ilegal ki fè ekonomi Eta nou an mal epi ki menase byennèt anviwon 15 000 benefisyè TPS ayisyen nan Massachusetts ak fanmi yo, pasyan yo ak anplwayè ki konte sou yo. »

Kisa « amicus brief » la di ?

Nan memwa sa a, kowalisyon pwokirè jeneral yo avanse plizyè agiman konkrè ki montre poukisa mete fen ak pwogram TPS pou Ayiti a ap fè mal dirèkteman a Eta yo.
Premyèman, yo pale de separasyon fanmi. Plizyè santèn milye benefisyè TPS ayisyen gen pitit, mari oswa madanm ki se sitwayen ameriken. Si yo depòte yo, fanmi sa yo ap kraze. Timoun ameriken ap pèdi paran yo. Se yon tò ki pa ka repare.
Dezyèmman, yo montre enpak ekonomik la. Benefisyè TPS ayisyen kontribye 4.4 milya dola pa ane nan ekonomi ameriken an. Swasantnèf pousan (69%) imigran ayisyen ki gen 16 ane oswa plis fè pati fòs travay sivil la. Yo travay nan swen sante, konstriksyon, otèlri ak lòt sektè kote peyi a bezwen travayè. Yon etid resan montre 75 000 benefisyè TPS ayisyen travay nan endistri kote pa gen ase travayè.

Nan Massachusetts poukont li, Depatman Sèvis Devlopman an (Department of Developmental Services) anplwaye plizyè dizèn benefisyè TPS ayisyen ki bay swen a moun ki pi vilnerab nan Eta a. Anviwon 2 000 moun k ap bay swen alontèm ap pèdi otorizasyon travay yo si TPS la fini.
Twazyèmman, kowalisyon an pale de sekirite piblik. Yo eksplike ke moun ki gen estati legal gen plis chans pou yo rapòte krim — menm lè se yo menm ki viktim. Si yo retire estati legal benefisyè TPS yo, moun sa yo p ap rapòte krim ankò paske y ap pè  pou ICE pa arete yo. Sa ap fè tout kominote a mwens an sekirite.

Pwokirè jeneral yo raple nan memwa a ke Depatman Deta ameriken an li menm klase Ayiti kòm peyi « Nivo 4 : Pou moun pa Vwayaje » — ki se nivo danje ki pi wo a — akoz « kidnaping, krim, aktivite teworis, dezòd sivil ak swen sante limite ». Administrasyon Avyasyon Federal la (FAA) entèdi avyon komèsyal yo vwayaje la nan kad aktivite yo.

Share This Article