Gouvènman Kanadyen an anonse peman 50 milyon dola pou Ayiti

CTN News

Nan kad konferans entènasyonal sou sitiyasyon ann Ayiti, 21 janvye a, gouvènman Kanadyen an pibliye yon nòt pou laprès ki anonse peman 50 milyon dola bay peyi a.
Lajan sa yo fèt pou egzekisyon sèten pwojè sosyal ak ranfòsman efò pou kreye yon anviwonman an sekirite ann Ayiti.

Dapre Premye Minis Kanadyen an, Justin Trudeau, kapasite entèvansyon polis nasyonal la vize an patikilye nan pwogram fòmasyon pou ofisye yo.

Anplis de sa, don sa a pral finanse de eleman fòmasyon ki vo $12 milyon chak.

Pandan rankont 21 janvye a, patnè yo mete aksan sou nesesite pou bay PNH sipò teknik nan kad eleksyon kap vini yo ki vize retabli lòd konstitisyonèl ann Ayiti.
Nan kad don sa a nan men gouvènman Kanadyen an, gen plis pase 17 milyon dola ki te atribye pou ankouraje batay pou dwa fanm yo.

Batay kont ensekirite alimantè kwonik ak amelyorasyon enfrastrikti sante yo se lòt objektif otorite Kanadyen yo pouswiv ak don sa a bay Ayiti.

 

Share This Article