“Etazini pa gen entansyon voye twoup ann Ayiti”,daprè yon sous pwoch Depatman Leta

CTN News
Categories: English Haiti

 Dapre yon ofisyèl nan Depatman Deta a Gouvènman Ameriken an pa  gen lentansyon bay yon repons favorab a demann Premye Minis Ariel Henri pou voye twoup ann Ayiti,daprè enfòmasyon redaksyon CTN rive jwenn nan yon sous pwòch diplomasi Ameriken an.

Pou kounye a, “Ozetazini nan mòd rete gade”, yon gwo ofisyèl Depatman Deta te di. “Mwen pè pou Ayiti pa gen pou defann tèt li pou kò l fwa sa a,” ofisyèl Ameriken an te ajoute pandan yon konvèsasyon ak Emmanuel Paul nan ZoomHaitiNews and CaribbeanTelevisioNetwork. Sepandan, administrasyon Ameriken an ta pare pou fasilite deplwaman sòlda etranje yo an Ayiti atravè Nasyonzini oswa Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA), depi “gouvènman ayisyen an jwenn yon akò ak aktè politik ak òganizasyon sosyete sivil la”, dapre sa yon lòt sous Depatman Deta Ameriken an, ki te vle rete anonim.

Anplis de sa, yon rankont entèministeryèl ta dwe fèt nan jou kap vini yo sou sitiyasyon an Ayiti. Yon inisyativ gouvènman Kanadyen an. Pandan rankont sa a, patisipan yo ta dwe diskite sou demann gouvènman ayisyen an, daprè pòtpawòl Depatman Deta a.

Canada, Lèzetazini, ak lòt peyi manm Oganizasyon Eta Ameriken yo ta dwe patisipe nan rankont sa a ki ta dwe mete aksan sou deteryorasyon sitiyasyon sekirite ann Ayiti, daprè Nerd Price nan yon konferans pou laprès madi.

“Nou suiv ak anpil atansyon deteryorasyon sitiyasyon imanitè an Ayiti nan jou ki sot pase yo. Kòm ou konnen, sa a se yon sijè ki te nan mitan enkyetid nou yo lè nou te nan Amerik di Sid semèn pase a nan Lima. Patnè Kanadyen nou yo te konvoke yon reyinyon ministè pou diskite sou sa ak chèf OEA a tou,” dapre Nerd Price, ki di li obsève ke “sitiyasyon an vin pi defisil toujou, pi danjere toujou ak aksyon aktè kriminèl yo anpeche mezi ijan pou fè fas ak menas kolera a poze pou popilasyon ayisyen an.”

Pòtpawòl diplomasi Ameriken an fè konnen tou Etazini ap egzamine “demann Premye Minis la te fè nan dat 7 oktòb la, an kowòdinasyon ak patnè entènasyonal yo, pou detèmine ki jan nou ka pi byen kontribye nan leve kontrent sekirite yo sou mezi medikal ak imanitè pou kapap limite pwopagasyon kolera.”

Jounalis yo te ensiste sou desizyon Administrasyon Joe Biden te pran sou demann Ariel Henri ak gouvènman li a, men Nerd Price te refize bay plis enfòmasyon. Li te jis kontante l pou l di Etazini an kontak regilye ak patnè li yo, polis nasyonal ayisyen an, ak Nasyonzini.

Mesye Price te revele tou ke Etazini vle “pran anpil prekosyon sou fòm aksyon sa yo ka pran.”

Administrasyon ameriken an gen entansyon egzamine tout opsyon posib ansanm ak patnè li yo. “Nou vle asire nou fè on gwo evaliasyon nan nan eksplore fason pou fasilite livrezon èd imanitè ki enpòtan pou  pèp Ayisyen an akòz bezwen ijan yo.”

Rekèt gouvènman ayisyen an fè bay Nasyonzini ak OEA pou voye twoup etranje an Ayiti rive mwens pase de semèn apre Minis Afè Etranjè ayisyen an te bay asirans sitiyasyon sekirite a te sou kontwòl. “Mwen kapab anonse a  leksepsyon de kèk ka izole, sitiyasyon an jeneralman sou kontwòl ak, plizyè katye ki te gen pwoblèm te rive jwenn lapè,” daprè sa Jean Victor Généus di.

Depi plizyè mwa, mouvman pwotestasyon yo òganize toupatou nan peyi Dayiti pou mande depa Ariel Henri ki montre li pa kapab epi l pa gen volonte adrese  gwo pwoblem sekirite peyi a ap fè fas. Sitiasyon an te vi n pi mal  aprè desizyon  gouvènman an te pran pou ogmante pri gaz la pa plis pase 200% nan yon peyi kote pouvwa dachapopilasyon an trè limite. 

Share This Article