Nan Gonayiv, gen kèk antreprenè ki senpatize ak mouvman grèv antreprenè Sen Mak yo obsève jedi 14 jiyè a kont ensekirite k ap grandi a. Dapre sitwayen ZoomHaitiNews entèvyouve yo, “li lè pou tout sektè sosyete a mete tèt yo ansanm pou abòde ensekirite kwonik sa a ki paralize ekonomi ayisyen an nèt” .
Kontrèman ak vil Sen Mak kote plizyè milye sitwayen pran lari pou eksprime ensekirite a, nan Gonayiv se yon jou nòmal jedi 14 jiyè 2022 a ye. Se sèlman kèk biznis ki kenbe pòt yo fèmen kòm yon siy solidarite. Tankou isit la nan Family Enterprise. Pwopriyetè a se prezidan Asosyasyon Antreprenè Latibonit. Li sipòte a 100% mouvman grèv antreprené Sen Mak yo, paske sitiyasyon aktyèl inakseptab. Vyòl, touye moun, kidnapin, vòlè kamyon machandiz… gwoup gang yo san limit. Ase pou mete sitwayen yo nan yon sik laperèz san rete. Defansè dwa moun sa a kwè se yon bon fòm pou antreprenè yo obsève yon jounen grèv kont ensekirite paske sitiyasyon an ijan. Sepandan, li di fòk gen yon sinèji nan tout sektè nan lavi nasyonal pou derasinen malèz sa a k ap manje sosyete ayisyen an depi plizyè ane. “Entèvansyon fò kont gang ame”. Se volonte anpil sitwayen ayisyen. Yon volonte ki pa janm ka reyalize, kwè plis pase yon sèl. Premyèman, mank volonte otorite leta yo e sitou mank sipèvizyon enstitisyon polis la, sèl fòs lame peyi a, paske fòs militè peyi Dayiti, egziste sèlman nan non.
Grèv kont ensekirite ak kidnaping ann Ayiti vin tounen yon bagay komen. Chak sektè separeman obsève ti grèv prive li pandan tout sektè nan lavi nasyonal yo dirèkteman oswa endirèkteman ensekirite ak kidnapin nan afekte yo. Poutan sosyete ayisyen an divize. Menm pou goumen kont mal jeneral. Rezilta “sitiyasyon an ap vin pi mal, gwoup gang yo ap vin pi fò”. E se egzakteman rezon ki fè moun pè pale kont ensekirite k ap grandi ann Ayiti, dapre mèt Michelet Dorgilles. Kounye a, kapital ayisyen an ap tounen yon peyi etranje. Pou antre ladan, ou dwe etidye anpil estrateji. Yon fwa ou rive, pito ou pa soti nan lari ditou paske ou riske yo touye ou oswa yo kidnape ou.


