Depatman Deta Ameriken an reyaji sou atik CNN ki mete Premye Minis Ariel Henry nan asasina ansyen Prezidan Jovenel Moise.
Depatman Deta Ameriken mande yon ankèt endepandan pou fè limyè sou asasina ansyen chèf leta ayisyen an. Ankèt sa a ta dwe fèt “an akò ak lwa ayisyen yo ak estanda entènasyonal yo pou règ lalwa,” dapre yon pòtpawòl Depatman Deta reponn yon editè ZoomHaitiNews.
Gouvènman ameriken an detèmine pou l ede fini ankèt la. “Nou vle moun ki te planifye, finanse ak egzekite asasina Prezidan Moïse la responsab. Pèp Ayiti a bezwen wè yon pwosesis transparan ak rezolisyon ankèt sa a pou demontre ke moun ki komèt krim sa yo paka chape anba jistis. ” te di pòtpawòl la nan yon nòt repons li voye bay anplwaye editoryal ZoomHaitiNews.
Ofisyèl Ameriken an pwofite repete sipò peyi l bay otorite ayisyen yo nan kad ankèt sa a. Li bat bravo tou pou arestasyon plizyè sispèk pami yo Kolonbyen Mario Palacios, Rodolphe Jaar ak ansyen Senatè John Joël Joseph.
Evite kòmantè dirèkteman sou atik Cable News Network (CNN), pòtpawòl la refere nou bay Depatman Lajistis Etazini ak gouvènman ayisyen an “pi byen kapab bay plis detay konsènan ankèt k ap fèt sou asasina Prezidan Moïse,” te di. pòtpawòl la, ki ankouraje “tout pati yo pou yo suiv yon pwosedi jis ki an akò ak règ lalwa ayisyen an.”
Nan yon atik ki pibliye madi a, rezo medya CNN pibliye yon anrejistreman jij ankèt Gary Orélien ki konfime patisipasyon Premye Minis Ariel Henry nan planifikasyon asasina Jovenel Moise.