Ayiti: Sitiyasyon Dwa Moun Kontinye Deteriore Chak Jou Pi Plis, dapre Nasyon Zini

Emmanuel Paul

William O’Neill, ekspè Nasyonzini sou sitiyasyon dwa moun ann Ayiti, lanse yon nouvo avètisman sou kriz imanitè k ap sakaje peyi a.

Apre li fin retounen soti nan yon misyon sou teren an, li fè yon konsta ki vreman terib: “Vizit kout sa a te pèmèt mwen mezire gravite sitiyasyon an, men sitou, doulè ak dezespwa tout yon popilasyon.”

Ekspè a, ki deja fè kat vwayaj ann Ayiti depi li te nonmen pa Wo Komisè Nasyonzini pou Dwa Moun sa gen  gen 2 zan, mete aksan sou menas k ap ogmante ak gang yo. “Malgre efò Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) ak Misyon Nasyonal pou Sipò Sekirite (MMAS) ap fè, gen gwo risk pou kapital la tonbe anba kontwòl gang yo.”

Daprè O’Neill, gwoup kriminèl yo ap simen laterè san okenn pinisyon. “Yo touye, yo vyole, yo simen laterè, yo boule kay, òfelina, lekòl, lopital, legliz; yo rekrite timoun epi yo infiltre tout sektè nan sosyete a.” Plizyè temwayaj chokan montre reyalite brital sa a.

P., yon jèn fi 16 an, rakonte trajedi li te viv: “Sèt bandi ame ak maske rantre lakay mwen nan Kenskòf. Yo vyole epi bat ni mwen ni bèlmè mwen. Apre sa, yo touye papa m devan je m. Doulè a insipòtab. Gen lè mwen bliye; epi li retounen. Lannuit, mwen kriye.” Jodi a, li jwenn ti soulajman nan dans epi li swete vin yon sikològ pou ede lòt jèn sivivan tankou li.

L., 12 an, yon timoun gang te fòse rekrite, fè yon senp men fò swè: “Mwen jis vle retounen nan lari a.” Li aktyèlman nan Sant Reyabilitasyon Minè Pòtoprens, kote yo akize l pou asosiyasyon ak gang. “Mwen pa vle wè ankò bandi nan peyi m. Yon jou, m ap vin yon pilòt.”

Vyolans la lakòz plis pase yon milyon moun oblije kouri kite kay yo, ak plizyè milye lòt ki fenk oblije deplase nan semèn ki sot pase yo. “Yo pa gen kote pou yo ale. Nan kan kote yo kache, grangou ak vyolans seksyèl ap taye banda. Pou anpil moun, se yon kesyon de siviv,” O’Neill alète.

Nan yon kontèks kote tansyon an ekstrèm, dènye evènman yo montre fristrasyon ak dezespwa popilasyon an. “Etidyan sot jete wòch sou moun deplase ki t ap okipe lekòl yo pou fòse yo ale, paske yo te pè yo pa t ap ka retounen lekòl,” li rapòte pandan li site temwayaj viktim yo.

Devan sitiyasyon grav sa a, O’Neill mete aksan sou nesesite pou tout moun reyini pou yon repons ijan. “Inite ak solidarite dwe gide aksyon politik nan tout nivo, nan enterè popilasyon an.”

Li mande Leta Ayisyen pou mete batay kont enpinite ak koripsyon kòm yon priyorite absoli. “Kombat gang yo dwe fèt nan respè strik dwa moun entènasyonal yo, sitou dwa pou viv. Pa gen okenn sikonstans, kèlkeswa jan li grav, ki ka jistifye vyolasyon dwa sa a.”

O’Neill lanse yon apèl bay kominote entènasyonal la pou l aji san pèdi tan. “Nou pa gen yon sèl jou pou nou pèdi. Pa gen okenn lòt chwa. Se lavi Ayiti k ap jwe.”

Pages

Share This Article