Ayiti-Sekirite: Eske nap vanse nan demantèlman total gang 400 mawozo a?

CTN News
Categories: Uncategorized

 Lapolis Nasyonal Ayiti kontinye fè plis operasyon kont manm gang 400 mawozo yo. Anpil nan yo fini pafwa ak lanmò, blese epi arestasyon. Sa vle di manm òganizasyon kriminèl sa a k ap travay nan vil Kwadèboukè pa gen lavi dous nan dènye jou sa yo ki sot pase yo, kidonk lidè gwoup la “Lanmò san jou” yo konnen sou non sa menm kouri kite baz li yon ti tan apre fiziyad lyetnan li “Kòlèg”. Aktyèlman la, manm gang sa a gaye epi yo dezoganize. Pa gen yon jou ki pa pase san sispèk kriminèl yo pa rive jwenn aretasyon yo oubyen mouri si yo sispèk oubyen gen kontak ak gang 400 mawozo a. Gang nqn gen gwo feblès apre anpil nan yo rive mawon kite baz  òganizasyon kriminèl la nan dènye jou sa yo. Plizyè manm gwoup la, ki gen ladan lidè a, dezète pou rantre nan lòt baz. Eske nap avanse nan demantèlman total gang 400 mawozo a? Se kesyon obsèvatè yo poze tèt yo apati dènye entèvansyon lapolis te fè nan fyèf gang nan Croix-des-Bouquets.

Ekip editoryal Zoomhaitinews te fè yon ti koutje sou operasyon lapolis te òganize kont manm gang 400 mawozo yo. Madi 16 dawout 2022 a, Senk manm aktif òganizasyon kriminèl sa te rive jwenn arestasyon yo nan men ofisye ki la pou fè respekte lalwa nan vil Mibalè panda chèf yo t ap fè sikilasyon, verifye papye ak machinn chofè yo. Moun sa yo rele Theogène Jonalson, ki gen 19 lane ki soti nan Pwentarakèt, Termo Boselet, ki gen 24 lane ki soti nan Mibalè, zòn “Devarye”, Don Shednaèl ki gen 30 lane ki soti nan Kwadèboukè, Don Johny, ki gen 35 lane  ki soti nan Kwadèboukè , ak Richard Jean Edmond, alyas “Woody”, 36 lane ak ki soti nan  Kwadèboukè. Dapre lapolis, moun sa yo ki abite Kwadèboukè, pran refij nan yon otèl sou Route 9 yo abandone baz yo akoz divès operasyon Lapolis te fè nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan. Menm jou a, de lòt manm nan gang sa yo te arete nan vil Jakmèl la se Mathieu Thomas, 22 lane ak Albert Laury. Manm gang 400 mawozo yo paka pran souf. Vrèmanvre, nan lannuitt jedi 11 dawout pou rive vandredi 12 dawout 2022 a, yon gwo operasyon lapolis te mennen nan Mibalè debouche ak arestasyon senk lòt manm menm gang sa. Apre rezilta sa yo, manm popilasyon an ap mande pi bon kondisyon travay pou polisye yo pou yo ka bay pi plis ak pi bon rezilta.  Aprè gang yo fin kraze, lapolis dwe kontwole otomatikman tout zòn kote bandi yo t ap fonksyone a pou yo ka retabli lapè ak sekirite.

Share This Article