Mesye ame te kidnape Vandredi pase a plizyè Madan Sara ki te sou yon tap-tap nan komin Gwo Mòn nan lokalite “Ti Bwadòm”. Malfra yo te komèt krim yo apre depa patwouy lapolis la nan zòn nan blòck 6 p.m.
Sa gen yon mwa,Lapolis Nòdwès te anonse li elimine pwoblèm VAR sou wout Basen Ble/Gwo Mòn. “Veyikil yo sikile lib nan seksyon sa a soti 6 a.m. rive 8 a.m. Pa gen okenn kidnapin ankò sou wout Pòdepè” rasire responsab lokal PNH la.



