Oscar Joseph te kidnape samdi 23 jiyè nan Pènye, nan komin Petyonvil. Oscar Joseph te travay pandan plizyè ane kòm koòdonatè pwogram odyovizyèl nan Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la. Dezespere, madanm li plenyen paske li pa gen mwayen pou l mache ak ranson kidnapè yo mande a, rapòte Radio Télé Métronome. Kidnapè kontinye ap teworize popilasyon ayisyen an devan endiferans otorite leta yo. Jounalis Edner Fils Décime nan men ravisè li yo yon semèn apre anlèvman li. Ka sa yo valab tou pou plizyè konpatriyòt nou.


