Pandan komemorasyon 1ye anivèsè asasina endiyan Prezidan Jovenel Moïse lakay li nan Pèlerin 5 la ap pwoche, nan nuit 6 pou rive 7 jiyè 2021 an, Enspeksyon Jeneral Polis Nasyonal Ayiti a pran desizyon fèm li sanksyon polisye ki enplike nan zafè sa a. Li bay lòd pou yo ranvwaye 33 ofisye PNH ak revokasyon 3 lòt. Se pòtpawòl PNH la, Enspektè Divizyon Garry Desrosiers ki fè anons sa a nan yon konferans pou laprès madi 28 jen 2022. Li fè konnen IGPNH rekòmande revokasyon plis pase ven polisye alòske twa lòt lage nan kad ankèt administratif sou asasina ansyen chèf leta a. Nan kad ka sa a, Polis Nasyonal Ayiti rapòte ke li te konfiske plizyè zam , grenad fragmantasyon, machin ak lòt materyèl ki te itilize pou fasilite ekzekisyon krim lan. Direksyon santral lapolis jidisyè ap chèche aktivman yon douzèn moun ki enplike nan asasina Jovenel Moïse, daprè sa enspektè Divizyon Garry Desrosiers di. Remake byen ke plizyè polisye nan prizon nan penitansye nasyonal la pou patisipasyon yo nan asasina sa a, pami yo Dimitri Hérard, responsab Inite Sekirite Jeneral Palè Nasyonal, ak Jean Laguel Civil, kowòdonatè sekirite prezidan an. Mezi Enspeksyon Jeneral Polis Nasyonal Ayiti te adopte yo rive kèk jou anvan komemorasyon 1ye anivèsè asasina ansyen Prezidan Jovenel Moïse 7 jiyè 2022 la.


