Jenn antreprenè Grégory Oscar alyas Pouchon mouri nan aswè madi 7 jen 2022 nan vil Okay (depatman sid) nan kad yon konfli tè ki opoze l ak yon avoka ki rele Abi Fabe. Abi Fabe ak fanmi l te planifye krim nan, daprè eksplikasyon Komisè Gouvènman Okay la Ronald Richemond ki presize lapolis an civil te tire Grégory Oscar plizyè fwa. Grégory Oscar, ki te fèk tounen lakay li, te pran nan yon pèlen pandan li te al fè yon vizit enspeksyon nan tè li te achte a pou pakèt lajan, men fanmi avoka a te monte sou li ilegalman. Jenn antreprenè a te fè fas ak difikilte lè Me Abi Fabe te mennen yon gwoup moun ki te kòmanse voye wòch sou machin li. Kòm repons, li te tire anlè pou li te kapab dispèse foul moun yo. Men tantativ li te fè yo te pou granmesi paske moun sa yo te fache anpil, yo te menm akize l se yon gang k ap fonksyone nan Matisan. Dapre reyalite sa yo, chèf lajistis la, Me Ronald Richemond rete kwè krim nan te premedite, li pwomèt pou mete aksyon piblik an mouvman kont moun ki komèt ekzekisyon ekstra-jidisyè sa a. Lajistis deja pran dispozisyon ak otorite lapolis yo pou mete polisye ki enplike nan dosye sa disponib pou yo.


