Ariel Henry nan Sirinam pou 43yèm Reyinyon Chèf Leta ak Gouvènman Caricom

CTN News

Apre patisipasyon li nan 9yèm Somè Amerik la, ki te dewoule nan Los Angeles Ozetazini soti 6 pou rive 10 jen 2022 pase a, Premye Minis Ariel Henry te kite peyi a, samdi 2 jiyè 2022 sa a, ale nan Sirinam ak lide pou patisipe nan 43yèm rankont Chèf Deta ak Gouvènman Caricom, ki pral fèt soti 3 pou rive 5 jiyè 2022. 43èm rankont Chèf Leta ak Gouvènman Caricom sa a pral yon okazyon pou diskite sou sitiyasyon jeneral Repiblik Ayiti a, an patikilye pwosesis entegrasyon l nan mache ak ekonomi sèl Caricom, ak finans klima a. Nan kad rankont sa yo, y ap òganize rankont bilateral wo nivo ant chèf gouvènman ayisyen an, Doktè Ariel Henry ak dirijan rejyon an sou divès sijè ki enterese youn, lòt. Primati a fè konnen Premye Minis Ariel Henry pral  gen pou li retounen nan peyi a madi 5 jiyè 2022, de jou anvan komemorasyon premye anivèsè asasina Prezidan Jovenel Moïse nan dat 7 jiyè 2022 a. Ann pale sou patisipasyon Ariel Henry nan 43èm rankont Caricom nan, fòk nou sonje ansyen Chèf Leta Jovenel Moïse te rive prezidan CARICOM pandan 6 mwa (soti janvye rive jen 2018). Anplis de sa, peyi DAyiti  te òganize, nan mwa fevriye 2018, 29yèm rankont entè-sesyon Konferans Chèf Leta ak Gouvènman CARICOM.

Pages