Anorld Antonin konfime liberasyon madanm li epi li entèpele tout fòs peyi a

CTN News
Categories: Uncategorized

Nan yon nouvo pòs sou kont facebook li,  Arnold Antonin konfime liberasyon madanm li Beatriz. An menm tan, li remèsye nan non li e nan non madanm li Beatriz, laprès, tout gason ak fanm, ann Ayiti kou aletranje, ki montre senpati ak solidarite yo ak li ak madanm li nan eprèv  li dekri kòm dramatik. “Nou pa te soti san danje men nou pa vle piblikman vide kè nou oswa fè deklarasyon sou rezilta evènman  sa a ki sot pase nou an, se sa pi popilè sineas ayisyen an deklare. Move moman sa a pa detounen patriyotis M Antonin ki renouvle atachman l ak peyi d Ayiti, pandan l ap asire pèsonn pap fòse l abandone l. Pwodiktè fim ki gen 80 an lanse apèl ak fòs peyi a pou yo goumen pou Ayiti sispann lanfè li tounen e kote n ap tann tou pou nou mennen nou nan labatwa tankou mouton. Anorld Antonin di non ak swisid kolektif ak fatalite li yo. Kidnape 7 jen nan rezidans prive li nan Thomassin, Beatriz Antonin, madanm sineas ayisyen Arnold Antonin te reprann libète li 3 jou apre, an echanj pou yon ranson. Moun ki te gen anpil zam te antre nan kay reyalizatè a e yo te kidnape Beatriz, madanm li. Yon nouvo ka kidnaping ki choke plis pase youn.

Share This Article