ICE arete madan Bradley Bartell, yon elektè Trump, epi menase pou depòtasyon

Emmanuel Paul
Credit: BFMTV

Bradley Bartell, yon Ameriken ki soti Wisconsin, pa t janm imajine vòt li pou Donald Trump nan dènye eleksyon prezidansyèl la t ap tounen kont li ak yon fason ki tèlman brital.

Madanm li, Camila Muñoz, yon fanm Peryèviyèn ki t ap viv Ozetazini pandan plizyè ane, fè plis pase yon mwa depi li nan prizon imigrasyon (ICE). Sèl “krim” li: yon viza ki ekspire pandan pandemi an, daprè sa USA Today rapòte, sit BFMTV.

Tet chaje koup la te kòmanse nan mwa fevriye pase. Bradley ak Camila sot pase lin de myèl yo nan Pòtoriko, men lè yo rive nan ayewopò a, yon ajan imigrasyon mande Camila si li se sitwayen ameriken. Lè li reponn non, yo mete li nan prizon imedyatman epi transfere li nan yon sant detansyon imigrasyon an Lwizyana, kote li toujou kenbe jodi a.

Bradley Bartell te sezi. “Kisa pou m fè, bondye?” li kriye ak dezespwa pandan li gade madanm li arete devan je l, daprè USA Today. Li pa konprann kijan yon fanm ki pa gen okenn dosye kriminèl, ki travay epi ki peye taks Ozetazini, kapab trete tankou yon kriminèl. “Sa a se yon foli,” li denonse.

Sa ki choke li pi plis, se lefèt ke lè yo t ap soti pou ale Pòtoriko, Camila pa t gen okenn pwoblèm pou pase kontwòl sekirite ayewopò a. Poukisa lè li retounen, sa tounen yon lòt istwa?

Camila Muñoz, ki soti nan Pewou, te antre Ozetazini ak yon viza tanporè. Apre li fin jwenn yon diplòm nan resous imen, li te siyen yon kontra travay nan yon pak amizman nan Wisconsin.

Men, viza li ekspire pandan pik pandemi COVID-19 la. Li pa t kapab retounen nan Pewou, li rete Ozetazini epi li jwenn lòt travay—dabitid nan yon fèm lokal, epi apre sa, nan yon otèl—tout pandan li t ap travay di pou l ka pran swen tèt li.

Malgre estati imigrasyon li pa klè, li kontinye peye taks epi li gen yon fòm W-2 ki pwouve li kontribye nan ekonomi peyi a. Men sa pa t ase pou anpeche li sibi yon arestasyon brital epi riske depòtasyon, mari li plenyen daprè sa USA Today rapòte.

Bradley Bartell pa t kont politik Donald Trump yo. Okontrè, li te vote pou li nan eleksyon ki sot pase a, paske li te kwè nan pwomès li pou ranfòse sekirite sou fwontyè yo epi depòte “kriminèl imigran ilegal yo.”

Men jodi a, li regrèt chwa li fè a. “Mwen te konnen yo t ap vin pi rèd, men mwen panse mwen pa t konprann kijan sa t ap fèt,” li eksplike bay USA Today. Sa li te wè kòm yon mezi “bon sans” kounye a parèt kòm yon politik san pitye ki kraze lavi moun—menm moun ki byen entegre tankou madanm li.

“Yo konnen kiyès li ye, yo konnen kote li soti. Yo dwe fè bon jan rechèch epi pa kenbe moun konsa nan prizon,” li ajoute.

Depi Donald Trump retounen nan Mezon Blanch lan, otorite imigrasyon yo vin pi di. Jesse Franzblau, yon analis politik nan National Immigrant Justice Center, eksplike ke ICE “ogmante anpil jaden aksyon li,” sa ki fè ke moun ki te konn epanye anvan yo kounye a ap sibi arestasyon, daprè BFMTV ki site USA Today.

Avoka Camila a, David Rozas, ki espesyalize nan imigrasyon, fè sonje ke “nenpòt moun ki pa yon rezidan pèmanan oswa yon sitwayen ameriken kapab oblije kite peyi a,” li eksplike nan yon entèvyou ak USA Today.

Dèyè ka sa a, se tout vi Bradley ak Camila ki an danje. Depi arestasyon li, ekonomi koup la ap disparèt ak frè avoka. “Mwen enkyete pou li… Sa se yon gaspiyaj,” Bradley Bartell deklare ak yon vwa kase, jan USA Today dekri l.

Anplis de pwoblèm finansye yo, se avni koup la menm ki menase. Si Camila depòte, èske l ap kapab retounen Ozetazini yon jou? Oswa èske yo oblije panse ak yon vi ansanm lwen peyi yo te deside bati lavi yo?

Pou kounye a, Camila Muñoz toujou dèyè bawo, prizonye yon sistèm ke pwòp mari li te sipòte—san li pa janm panse ke, yon jou, li ta frape lakay li tou.

Share This Article