Eske Prezidan Donald Trump kapap deside pou kont li mete bout nan TPS pou Ayiti ak lot Peyi?

Emanyèl Pòl
By
Emanyèl Pòl
Jounalis/ Konteur
https://www.linkedin.com/in/emmanuelpaul25/ https://www.facebook.com/CaribbeanNewsMedia https://x.com/EmmanuelPaul25 https://www.instagram.com/empaul25/
kategori: Politik

Desizyon Donald Trump sou TPS: Kisa imigran dwe konnen?
Eske Donald Trump kapap kanpe estati pwoteksyon tanporè (TPS) pou imigran? Nou jwenn kesyon sa chak jou.
Depi anvan eleksyon prezidanyel peyi Etazini yo Donald Trump te deja fè konnen li pral kanpe TPS pou Ayisyen ak kandida anpil peyi. Lòske reziltam dwat repibliken an vin re-eli prezidan anpil moun te panike parapò ak pozisyon mesye a sou kesyon imigrasyon. Dayé on gran pati nan kanpay mesye Trump te fet sou do Ayisyen Ozetazini ak koze TPS sa.
Mentnan pou reponn yon kesyon nou te poze nan komansman. Repons ki pi senp la se "Non. Men"? Sa ka etone w paske w konnen ki valè pouvwa sou prezidan peyi a genyen pou l paka mete sou bout nan pwogram imigrasyon? Kite m baw on ti eksplikasyon sou Non an anvan apre ma retounen sou MEN an.
Se kongrè peyi a ki te deside nan dat 5 Desanm 1990 pou yo te vote lwa sou TPS . Nan lane te genyen 17 peyi pami yo Ayiti ki te pran desizyon sa a.
Lojik ki te kache dèyè vòt sa se akoz enstabilite politik, katastwof imanitè ak lot rezon ki fè peyi sa yo te fè TPS la.
Men sa kongrè a te eksplike lè sa a:
"Lè dezòd sivil, vyolans, oswa dezòd natirèl ki eklate nan peyi diferan peyi lemond, sa soulve sou kapasite kèk etranje ki deja nan Etazini pou yo retounen an sekirite nan yo. Lwa sou Imigrasyon Nasyonalite (INA) bay dispozisyon pou estati pwoteksyon tanporè (TPS) ak lòt fòm soulajman kont depòtasyon nan sèten sikonstans." (Kongrè Ameriken)

Mentnan m konnen ou toujou ap tann repons pi direk la. 

Se konstitisyon leta an nan atik premye seksyon 3 ki di konstitisyon an bay prezidan pouvwa pou aplike lwa kongrè adopte. Donk, daprè sa konstitisyon an di prezidan dwe aplike lwa kongrè a vote. Konstitisyon an di tou prezidan gen vwa pou l mete anbago (Veto) sou on lwa li pa dakò lè kongrè a te fèk vote l. Si genyen on majorite absoli de 2/3 ki vote lwa pagen anbago posib prezidan kapap mete.
Konstitisyon an di tou prezidan pa kapap deside li pap aplike on lwa sou baz selman li pa renmen lwa sa. Si prezidan pa renmen on lwa li kapap toujou fè lòbi bò kot kongrè a pou l fè yo chanje l.
Lwa sou TPS la: 
Genyen divès kalite lwa kongrè a vote. Gen nan lwa sa yo ki bay prezidan pouvwa pou l fè on aksyon. Konsa tou lwa rekonet prezidan kapap deside pa fè aksyon sa. Se anba kategori sa lwa sou TPS la tonbe. Li bay prezidan dwa pou dezinye pou PS aprè evaliasyon pou T ministè tankou peyi a, etranjè ak defans pou n site sa yo selman. Se pwovizyon anpil itilizasyon pou TPS a siwayen bay divès peyi.

Nan lane 1990 George Bush papa te itilize l pou dezinye Ayiti pou TPS akoz pwoblèm politik peyi at ap fè fas nan peryòd sa a. Lè Bill Clinton vin jwenn li an 1992 li kontinye dezinye Ayiti pou TPS paske pwoblèm ki te fè Ayiti te gen TPS la te toujou la. Lè pitit George Bush, George W. Bush vi n prezidan li kontinye bay TPS Ayiti paske pwoblem yo te fèk kare la. Lè Obama vin prezidan li kontinye sou menm lanse a paske nan lane 2010 Ayiti te pran on gwo tranbleman tè epi te gen pwoblèm politik tou. Loske Donald Trump vi n prezidan nan lane 2017 li te kouri byen vit deside kanpe TPS pou Ayiti. Se lè sa t ap pral genyen on jij federal ki deside kanpe desizyon prezidan Trump lan pou on ti bout tan pou l te ka analize validite desizyon an. Fok mwen di w manda Trump te fini l te pèdi eleksyon an an 2020 tibout tan sa pot ko janm rive. Dosye at ap trennen devan lajistis toujou.
Lè Biden genyen eleksyon yo sou Donald Trump li te deside byen vit nan lane 2021 bay TPS a Ayisyen ki twouve yo nan peyi Etazini epi abandone dsye TPS ki te devan jij la. Dènye fwa TPS la t ap al bay se nan lane 2024 loske prezidan Biden te redezinye Ayiti pou TPS. Sa ki te met plis pase 320 mil Ayisyen ki te antre nan pwogram liberasyon kondisyon yo te fè pè TPS. Sa vle di pou kounye a genyen 600 mil Ayisyen ki genyen TPS.

- Reklam -
Imaj piblisiteImaj piblisite

An 2024 Donald Trump regenyen eleksyon yo. Kou l tounen nan mezon blanch li retounen nan degonn pitit Desalin yo pi rèd. Fwa sa li deside retire 6 mwa nan TPS Biden te bay pandan l ap prepare l pou l koute baagay sa. Men pa bliye m te diw: Lalwa di on lwa kongè vote sel on lot lwa ki ka retire l.
Kounye a am fin w non an. Ki te m baw eksplikasyon sou Men an. 
Eksplikasyon sou Men a gen 2 pati. 

Premyeman, si Donald Trump vle retire TPS la li ta dwe fè chanm depi a vote pou abwoje lwa sa a epi pou chanm sena kay l. Nan chanm depite a se on majorite senp ki ka fè sa. Li difisil men pa enposib paske repibliken yo an majorite nan chanm depite a. Nan sena repibliken yo majoritè tou men regleman Sena ak konstitisyon an di kalte lwa sa yo se majorite absoli ki dwe pran yo aloske repibliken yo gen selman 53 senatè nan sena. Donk yo t ap bezwen 14 demokrat ki te pou vote nan menm sans lan. Sa ki preske enposib. Genyen on ki gen nan regelam chanm nan te ka pèmet yo retire majorite absoli a. Se on di rele rekonsiliasyon. Lè sa on majorite senp t ap ka vote. Men pou sa fet genyen direktè palman (Parlementarian) ki ta dwe kay. Moun sa pa pase nan eleksyon. Se palmantè 2 branch yo ki nonmen l. Men nou pap al rete twòp sou fonsyon sa.

Dezyèm mwayen prezidan te ka itilize pou retire lwa sou TPS la se si la kou sipèm ta deside lwa sa kontrè a sa konstitisyon an di. Nan pwen sa li pa enposib paske la tou, repibliken yo gen majorite nan kou siprèm nan byenke jij nan kou siprem yo pa rele tet yo repibliken ou demokrat, men konsèvatè ak liberal.

Eksperyans montre Lakou Siprèm sa ta kapap pran desizyon konsa. Men la ankò anvan la t ap pran anpil yo deside. Sa vle di Donald Trump kapap gentan pa prezidan ankò epi dosye sa toujou poko trete.

Sou baz desizyon ki te pran nan lane 2017 sou TPS la mwen “panse” e se selman desizyon pa m , se menm desizyon an ki pra l pran toujou kote on jij ka mande administrasyon Trump la on kanpe sou desizyon l lan pou kanpe TPS la annatandan gen on desizyon definitif ki pran epi nou menm ki gen TPS la espere ke prezidan an ap fè anpil demann pou nou espere ke prezidan an ap deside anpil pou nou espere ke prezidan an ap deside anpil. AYisyen ta ranplase mesye Trump nan mezon Blanch.

- Reklam -
Imaj piblisiteImaj piblisite

Se on chemen long, men se li ki mwens penib pou imigran tankou m, tankou w ak anpil lot moun ki gen travay nan dosye sa.

Donk, konsey pa m pou ou fanmi ak zanmi w ki gen TPS, se rete frèt. Pa pran nan pwovokasyon pou w al kouri travèse Kanada paske sitiasyon an pa menm jan nan peyi Kanada jan sa te ye nan lane 2017 yo. Se sa menm administrasyon Trump lan bezwen nou fè. Li bezwen nou panike epi kouri ale nan lot peyi lè sa a pou l la di l te depòte anpil moun jan l te pwomet sa. Ou kapap kouri pou lapli epi w tonbe larivyè. Pa fè tet cho men selman mache sou 4 pou w pa rive twò pre 14.

 

Pataje Atik sa a