Gouvènè Repibliken Ohio plede an favè TPS pou Ayisyen

Emmanuel Paul
By
Emmanuel Paul
Journalist/ Storyteller
Emmanuel Paul se yon jounalis ki gen anpil eksperyans epi yon rakontè istwa ki angaje depi lontan pou verite, jistis sosyal, ak devlopman kominote yo. Li...

 Gouvènè repibliken Ohio , Mike DeWine, felisite desizyon Jij Ana Reyes pou anpeche administrasyon Trump lan koupe estati pwoteksyon tanporè pou Ayisyen Etazini.

Pandan yon evènman nan vil Circleville, gouvènè DeWine te reafime opozisyon li kont revokasyon TPS la, menm si li rekonèt ensètitid jiridik ki pèsiste a.

“Se yon poz tanporè. Nou pa konnen konbyen tan li pral dire”, DeWine deklare bay jounalis yo, dapre WHIO TV. “Tribinal yo pral fè sa yo fè, epi travay nou se respekte lalwa, kèlkeswa sa tribinal yo di nou”, gouvènè Repibliken modere Mike Dewine te ajoute.

Gouvènè a te reafime pozisyon li sou kesyon an.

“Mwen panse se yon erè pou retire estati pwoteksyon tanporè yo, paske sa sa pral vle di lè sa rive, se ke yo pap kapab travay ankò”, daprè sa Mike DeWine fè konnen. “Donk ou gen yon pakèt moun, plizyè milye moun nan Ohio ki ap travay, ki ap fè lavi yo, ki ap pran swen fanmi yo epi ki ap ede ekonomi an grandi. Yon jou, si yo retire sa, yo pap kapab travay ankò. Yo pral nan chomaj. Sa pa bon pou ekonomi nou an.”

Ant 10 000 ak 15 000 Ayisyen nan Springfield

Ohio, espesyalman vil Springfield, gen yon gwo kominote ayisyen ki estime ant 10 000 ak 15 000 moun.

Gouvènè DeWine te fè yon distenksyon klè ant diferan politik imigrasyon administrasyon Trump la.

“Tout moun, mwen panse, dakò, oswa prèske tout moun dakò ak de bagay sa yo”, li deklare an referans ak sekirizasyon fwontyè sid la ak ekspilsyon kriminèl vyolan yo, dapre WHIO. “Kote nou gen yon dezakò, se konsènan moun ki pa delenkan vyolan, ki pa delenkan ditou, men ki se moun ki ap travay epi ki ap fè lavi yo chak jou.”

“Epi mwen kapab senpleman di, antanke gouvènè Ohio, li pa itil pou wè moun sa yo ekspilse nan peyi a oswa pou wè moun sa yo pa kapab travay ankò. Nou bezwen moun ki vle travay epi ki kontribye nan sosyete a. Nou bezwen moun ki ede bati fanmi epi ki pran swen pwòp fanmi yo. Se sa vrèman nou bezwen nan Ohio”, Mike Dewineli te ajoute, dapre WHIO.

Lè jounalis te mande l  ki mesaj li ta adrese Ayisyen Springfield yo, ki enkyete paske poz jidisyè a ta ka pa dire pou toutan, gouvènè DeWine te mande pou moun yo pran anpil  prekosyon.

“Mwen panse fòk ou pran bagay yo yon jou alafwa”, li reponn, dapre WHIO. “Epi Ayisyen yo jodi a, apre minui aswè a, ap toujou kapab travay epi yo ap toujou kapab anplwaye, epi mwen panse sa se yon chanjman nan sikonstans yo.”

Li te ajoute li espere sa ap pote “yon ti kalm” nan sitiyasyon Springfield lan, menm si li rekonèt “nou pa kapab prevwa sa lavni ap pote”, dapre WHIO.

Lendi 2 fevriye, Jij federal Ana C. Reyes nan tribinal distri Columbia a te akòde yon sispansyon revokasyon TPS pou Ayisyen yo pandan pwosè ki konteste desizyon sa a ap kontinye.

TPS pou Ayisyen nan Etazini te dwe fini 3 fevriye 2026. Plis pase 350 000 resòtisan ayisyen benefisye estati sa a atravè peyi a.


https://ctninfo.com/ht/?p=39861&preview=true
https://www.whio.com/news/local/dewine-speaks-out-after-judge-blocks-trump-admin-ending-protections-haitians/6HRYRL5A7BC2FBY5ATNUGFJLMA/

 

Share This Article